Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini Prevwa yon Misyon Redui ann Ayiti Apre 15 Oktòb 2017


Sòlda Brezilyen nan baz Misyon Lapè Nasyon Zini a MINUSTAH nan Site Solèy Pòtoprens Ayiti. 16 out 2016. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)
Sòlda Brezilyen nan baz Misyon Lapè Nasyon Zini a MINUSTAH nan Site Solèy Pòtoprens Ayiti. 16 out 2016. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)

Misyon redui sa a ki pap depase 250 moun pral gen pou apiye Polis Nasyonal la nan kad yon plan stratejik pou li asire sekirite teritwa ayisyen an.

Rekòmandasyon Sekretè Jeneral LONU an, Antònio Guterres, ki mande yon dènye renouvèlman 6 mwa pou manda Misyon Nasyon ZIni pou Stabilziasyon LONU Ayiti a (MINUSTAH), jwenn yon akèy favorab nan Konsèy Sekirite a ki te reyini nan New-York madi 11 avril 2017 la.

Youn pami plizyè rekòmandasyon Misye Guterres fè nan yon rapò li mete devan manm Konsèy Sekirite a, se « Yon retrè pwogresif konpozant militè misyon an sou yon peryòd 6 mwa» ki dwe bout 15 oktòb 2017.

Nouvèl Misyon sa a kap gen ladan n kad sivil ak polisye LONU pap depase 250 manm, selon reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini an ann Ayti, Sandra Honoré, ki se an menm tan chèf sivil MINUSTAH. Nan yon entèvyou Madam Honoré bay Lavwadlamerik madi 11 avril la, li deklare:

"Misyon Redui sa a pral gen pou apiye Polis Nasyonal la nan kad aplikasyon plan stratejik li pou asire sekirite teritwa ayisyen an."

Sòlda MINUSTAH yo kap mache nan Site Solèy.
Sòlda MINUSTAH yo kap mache nan Site Solèy.

Alòs ke, nan kad plan sa a PNH la te prevwa deplwaman 16 mil polisyè pou ane 2016 la, se sèlman 14 mil ajan li rive deplwaye sou tout teritwa nasyonal la. Enstitisyon polisyè a pral kontinye travay pou ogmante efektif li nan plan li genyen pou peryòd 2017-2021 la. Madam Honoré swete entegrasyon plis fanm nan kò polis la.

Chili se premye peyi kap kòmanse retire militè l yo ann Ayiti apati 15 avril 2017 la, selon Chèf Deta peyi sa a, Michelle Bachelet, ki te fè anons la pandan yon vizit nan Pòtoprens 27 mas pase a. Lòt peyi ki gen reprezantan yo nan MINUSTAH ap prepare yo pou wete twoup pa yo tou.

Prezidan Cili a, Michelle Bachelet pandan li tap pale ak twoup militè chilyen yo nan moman li te fè yon vizit ann Ayiti nan dat 27 mas 2017 la. Foto: Koutwazi/Ximena Navarro.
Prezidan Cili a, Michelle Bachelet pandan li tap pale ak twoup militè chilyen yo nan moman li te fè yon vizit ann Ayiti nan dat 27 mas 2017 la. Foto: Koutwazi/Ximena Navarro.

Preparatif pou fen manda Misyon Stabilizasyon LONU pou Ayiti ap rapousuiv nan moman anpil moun ap enteroje yo sou klima sekirite a nan repiblik karayib la. Chèf sivil misyon an, ki tap reaji sou atak enkoni te fè sou kòtèj prezidan Jovenel Moise nan dat 7 avril 2017 la, kondane zak sa a e li rekonèt gen efò ki dwe fè toujou pou amelyore sekirite a nan peyi a. Sou pwen sa a, Madam Honoré deklare:

"Se pa yon klima ki pafè e nou dwe travay pou nou rann li pi stab."

Pou sa ki konsène deba kap fèt sou lide kreyasyon yon fòs ame pou ranplase MINUSTAH aprè15 oktòb 2017, reprezantan Sekretè Jeneral la, Sandra Honoré, reyaji avèk pridans. Li deklare :

"Se dwa gouvènman ayisyen an pou l pran desizyon pou kreye yon fòs zame. Sepandan, Nasyonzini ap kontinye ranfòse kapasite Polis Nasyonal la epi misyon redui LONU an pral travay nan sans sa a… Nou fè gouvènman ayisyen an plizyè pwopozisyon. Nap tann otorite yo mete pwopozisyon pa yo devan nou."

Plan administrasyon Trump la genyen pou li diminye nan kontribisyon finansyè li abitye bay l ONU byen kapab pwovoke yon diminisyon nan kantite moun kap travay pou sistèm Nasyonzini an atravè lemond. Chèf sivil MINUSTAH a, Sandra Honoré, pat fè kòmantè sou kesyon kap poze pou mande èske gen rapò ant rediksyon bidjè òganizasyon mondyal la ak depa konpozant militè misyon lONU an ann Ayiti. Li di tou senpleman : "Yon misyon ki pi piti ap koute lONU mwens lajan.

Konsèy sekrite Nasyon Zini ap gen pou vote sou dosye renouvèlman MINUSTAH jedi kap 13 avril la.

XS
SM
MD
LG