Accessibility links

Gen Anpil Chans pou Sòlda Lapè l ONU yo (MINUSTAH) Kite Ayiti Anvan Lontan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Sòlda misyon lapè Nasyon Zini yo kap poze pou yon foto souvni anvan yo kòmanse patwouy yo nan Site Solèy, Pòtoprens, Ayiti, 22 fevriye 2017.

"Travay MINUSTAH fè ann Ayiti se yon ekzanp fondamantal ki montre ke misyon lapè Nasyon Zini yo fè bon travay,” dapre Anbasadè peyi Angletè a nan l ONU, Matthew Rycroft.

Nan zòn Site Solèy youn nan pi gwo bidonvil nan peyi Dayiti, moun obsève anpil fwa kèk douzen sòlda Brezilyen ki gen nan tèt yo kas ble militè Nasyon Zini e kap mache apye. Men pi gwo danje sòlda sa yo ap konfwonte nan lari kounye a, se chen kap jape deyè yo, nan menm zòn kote yo te konn nan anpil boukantay kout zam ak kèk gang prèske chak jou.

Fòs mentyen lapè Nasyon Zini nan Brezil kap patwouye Site Solèy, Pòtoprens, Ayiti, 22 fevriye 2017.

Fòs mentyen lapè Nasyon Zini nan Brezil kap patwouye Site Solèy, Pòtoprens, Ayiti, 22 fevriye 2017.

Sepandan, sa gen plizyè lane depi se nan yon lari kalm e stab sòlda Nasyon Zini yo ap mache nan Site Soley. Stabilite sa a se yon siy kle pou anpil moun nan peyi Dayiti ak nan mond lan ki kwè li lè li tan pou Nasyon Zini mare pakèt li. Kas ble Nasyon Zini yo ann Ayiti depi nan lane 2004 apre yon soulèvman ame te fòse Prezidan Jean Bertrand Aristide kite pouvwa a.

Kolonèl Luis Antonio Ferreira Marques Ramos, ki se komandan kontenjan solda brezilyen yo, di jounal Associated Press, AP: “ Nou gen yon klima sekirite ak stabilite kounye a, men sa ki pi enpòtan se rive kenbe klima sa a.”

Depi kèk tan, kantite operasyon solda MINUSTAH yo diminye, vin jwenn ak administrasyon Prezidan Trump la ki mande pou diminye twoup yo. Nasyon Zini ap prepare l pou ke nan kèk mwa petèt, li voye tounen lakay yo apeprè 2,358 solda ki soti nan 19 peyi ki patisipe nan fòs lapè a.

Herve Ladsous ki se chèf misyon lapè l ONU an te deklare pandan yon pasaj li ann Ayiti ke twoup militè ki nan peyi a gen anpil chans pou yo pa la nan yon tan ki pa two lwen. Sepandan, responsab la pat pale piblikman sou apeprè 2,200 polis etranje ki akompanye fòs misyon lapè Nasyon Zini pou Ayiti a

Nan Washington, Konsèy Sekirite Nasyon Zini an ap revize tout 16 misyon mentyen lapè li ki epapiye nan mond lan. Yon diplomat ki pat vle moun site non li di ajans nouvèl AP nouvo Ambasadè Ameriken nan Nasyon Zini an, Nikki Haley, te pale sou kesyon pou wete misyon lapè a ann Ayiti.

Nan mitan mwa Avril 2017 kap vin an, Konsey Sekirite Nasyon Zini an pral deside sou yon chanjman nan bidjè misyon an ki kounye a se 346 milyon dola pa ane, apre yo fin revize rekòmandasyon Mesye Ladsous a.

Moun pral san dout sonje solda MINUSTAH yo poutèt yo te pote epidemi kolera ki touye anpil moun deja ann Ayiti. Nan tan ki fèk sot pase yo, maladi kolera a te touye plizyè milye moun. Enfòmasyon sou kouman maladi a te antre nan peyi a fè kwè se neglijans solda ki soti nan peyi Nepal ki te nan misyon lapè a, e ki pat obsève bon prensip sanitasyon nan baz yo lè yo te kontamine yon larivyè kote moun pran dlo, kote yo te konn jete matyè fekal ki gen jèm maladi kolera a.

Viktim maladi kolerate yo kap manifeste kont misyon lapè Nasyon Zini deyò katye jeneral l ONU a nan Pòtoprens, Ayiti.

Viktim maladi kolerate yo kap manifeste kont misyon lapè Nasyon Zini deyò katye jeneral l ONU a nan Pòtoprens, Ayiti.

Nan mwa Desanm 2016 pase a, Sekretè Jeneral Nazyon Zini nan epòk la, Ban Ki-Moon, te mande pèp ayisyen an padon nan non òganizasyon mondyal la, akoz “kantite moun kap soufri, ak lòt ki pèdi lavi yo anba epidemi kolera a.”

Nasyon Zini te pwomèt pou l ranfòse lit lap mennen pou konbat fleyo kolera a ann Ayiti. Sepandan, nan 400 milyon dola ONU di li tap chache pou mennen yon kanpay kont epidemi an se sèlman 2% nan lajan sa a li rive ranmase, dapre yon nòt Sekeretè Jeneral òganizasyon mondyal la, Antonio Guterres.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG