Accessibility links

Breaking News

Plis Pase 74 Migran Afriken Mouri Neye nan Lanmè Zòn Nò Peyi Libi


An Indian paramilitary trooper carries an umbrella as he walks through a park during snowfall in Srinagar.
An Indian paramilitary trooper carries an umbrella as he walks through a park during snowfall in Srinagar.

Kwasan Wouj nan Libi fè konnen pou jounen 21 fevriye 2017 la yo ranmase pou pi piti 74 kadav migran afriken sou kot nò peyi a.

Pòtpawòl Kwasan Wouj la, Mohammed al-Misrati di yo te jwenn nan jou avan an, lendi 20 fevriye a nan maten, yon kannòt an kawoutchou ki chire toupre bouk Zawiya sou kot Mediterane a. Al-Misrati di li atann ke plis kadav moute sou dlo a pwiske kannòt sa yo konn pote jiska 120 moun.

Gad Kot peyi Libi yo di yo repeche plis pase 500 migran sou kot wès Zawiya a, vandredi 17 ak samdi 18 fevriye pase a.

XS
SM
MD
LG