Accessibility links

Breaking News

Rankont ant Anvwaye Espesyal l ONU pou Siri ak Pati Konsène yo, yon Fason pou Rive Mete Fen nan Gè Sivil la


Yon nonm kap obsève dega ak domaj yon frap aeyen fè sou yon kay nan al-Yadouda vilaj, nan Deraa Governorate, Siri, 15 fevriye 2017.
Yon nonm kap obsève dega ak domaj yon frap aeyen fè sou yon kay nan al-Yadouda vilaj, nan Deraa Governorate, Siri, 15 fevriye 2017.

Anvwaye espesyal Nasyon Zini pou Siri a, Staffan de Mistoura, rankontre jedi 23 fevriye 2017 la ak yon delegasyon gouvènman siryen an nan Jenèv an Swis, pandan li t ap lanse dènye efò pou jwenn yon fen nan gè sivil k ap dewoule depi preske 6 lane nan peyi a.

Staffan de Mistura, anvwaye espesyal Nasyon Zini pou Siri
Staffan de Mistura, anvwaye espesyal Nasyon Zini pou Siri

Staffan de Mistoura te gen tou pou l fè yon chita koze ak kèk manm opozisyon siryen an nan menm jounen an, yon jou apre li te fin di li pa wè okenn bon nouvèl kap vini, men gen yon “elan politik” pou vanse ak yon plan lapè.

Mesye Mistura ajoute pou l di Larisi, ki te negosye akò a ak Tirki nan Astana, kapital peyi Kazakhstan, tap sèvi ak enfliyans li pou fè sese-l-fe frajil la kenbe.

XS
SM
MD
LG