Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite l'ONU Vote pou Apiye Fen Misyon MINUSTAH - Pozisyon Lèzetazini


Konsèy Sekirite Nasyon Zini an an sesyon (Foto achiv).
Konsèy Sekirite Nasyon Zini an an sesyon (Foto achiv).

Entwodiksyon:

Nan katye jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an nan New York, manm Konsèy Sekirite a vote pou adopte Rezolisyon 2350 la ki mande yon fen nan Misyon Nasyon Zini pou Stabiizsayon Ayiti a (MINUSTAH). Nan okazyon an, chèf misyon diplomatik Lèzetazini nan l’ONU an, Anbasadè Nikki Haley, mete devan delege yo yon mesaj kote li raple kèk moman ki te make prezans misyon an ann Ayiti

----------------------------------------------------------------------------------

Anbasadè Nikki Haley

Reprezantan Pèmanan Lèzetazini nan Nasyon Zini

Misyon Lèzetazini nan Nasyon Zini

New York City

13 Avril 2017

Anbasadè Haley di :

Anbasadè Lèzetazini nan Nasyon Zini, Nikki Halley.
Anbasadè Lèzetazini nan Nasyon Zini, Nikki Halley.

“ Rezolisyon Jodi a pote yon fen nan yon misyon ki te komanse an 2004 lè Ayiti te kòmanse fè fas ak yon konfli ame ki te gaye nan plizyè vil atravè peyi a. Nou ajoute nan travay ki rete pou fèt la yon langaj ki egzije nesesite pou responsab yo rann kont e prezante rapò de fason pou nou kapab evalye karaktè efikas travay pèsonèl ki rete a. Nap wete twoup ki nan 2 rejyon dekwa pou n kapab fikse efò nou sou zòn ki merite plis apui yo.

“Nan moman misyon stablizasyon an ap rive nan fen li epi yon misyon tou nèf ap pran plas, pèp ayisyen an ap mete tèt sou wout endepandans ak oto-sifizans. Sa se yon siksè si nap pale de travay ki fèt pou n mete fen nan yon misyon mentyen lapè. Lèzetazini pral kontiye kanpe avèk pèp ayisyen an. Nou te pale deja de kontribisyon anpil nan twoup mentyen lapè a ann Ayiti.

“Alòske misyon sa a sanble ak yon siksè..., malerezman se yon kochma --yon move rèv--pou anpil moun ann Ayiti, moun sa yo pap janm ka bliye ... e yo pral kontinye viv ak sakatris yo. Nou dwe rekonèt timoun ki abandone yo--- timoun ant 12 a 15 zan, kap viv chak jou nan grangou. Manm fòs mentyen lapè yo te sèvi ak sirèt e ak bonbon pou pran tèt yo. Yo te ofri yo manje sa a pou yo te ka abize yo seksyèlman. Dapre jounalis Associated Press Pislay Dodds, lè yon solda te finn sèvi ak ti moun sa yo, yo te pase yo bay lot sòlda.

“An 2011, anpil sòlda misyon an te mete ansanm pou yo vyole yon ti gason, epi, yon bagay ki degoutan, yo te sèvi ak yon telefòn pòtab pou yo filme sèn nan.

“Kisa nap di timoun sa yo? Eske sòlda mentyen-lapè sa yo te ba yo pwoteksyon ak sekirite? Nou dwe rekonèt reyalite sa yo. Ki leson nou ka tire nan aksyon sa yo? Yo te voye sòlda mentyen lapè sa yo nan kominote ki vilnerab pou yo pwoteje inosan, e non pa pou ekplwate yo ni vyole yo.

Sòlda chilyen ki te fè pati Misyon l'ONU pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH).
Sòlda chilyen ki te fè pati Misyon l'ONU pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH).

“Lèzetazini te pale klè ak l’ONU e ak tout peyi ki ofri twoup pou fòme misyon an, pou l di yo abi sa yo fèt pou sispann. Peyi ki refize fè sòlda yo rann kont pou zak konsa, fèt pou aksepte fè sa sispann oubyen twoup yo pral retounen lakay yo e konpansasyon finansye yo tap resevwa a ap kanpe. Abi sa yo pa gen move efè sou yon peyi ki ofri twoup si yo fè abizè yo rann kont pou zak yo epi pale klè ak sòlda ki sou plas yo pou fè yo byen konprann sa.

“Lezetazini pral kontinye travay etwatman ak Ayiti pandan peyi sa a ap fè pwogrè sou wout sekirite ak stabilite. Ansanm avek kominote entènasyonal la, nou kanpe bò kote gouvènman ayisyen an pandan nou pran angajman pou n souni devlopman demokratik, endepandans ak kwasans ekonomik peyi d Ayiti.

“Sepandan, nou pral kontinye egzije pou twoup ki ann Ayiti yo rannn kont pou aksyon yo, e nap fè menm egzijans la pou peyi ki ofri sòlda pou fè pati efò mentyen lapè a. Se yon devwa nou genyen vizavi moun vilnerab nan peyi sa yo ki tèlman swaf lapè ak sekirite. Mwen mande pou n pote-kole avèk mwen nan efò sa a.

Mèsi.”

XS
SM
MD
LG