Accessibility links

Breaking News

Angletè: Lapolis nan Lond Kalifye Ensidan Devan Moske a Kòm yon Atak Teworis


Yon tant polis anketè yo nan wout ki pote non Seven Sister Road la kote yon machin-vann te antre sou pyeton yo tou pre yon Moske ki se tanp Mizilman yo o nò vil Lond, Angletè, 19 jen 2017.
Yon tant polis anketè yo nan wout ki pote non Seven Sister Road la kote yon machin-vann te antre sou pyeton yo tou pre yon Moske ki se tanp Mizilman yo o nò vil Lond, Angletè, 19 jen 2017.

Nan La Grand Bretay, yon machin vann al antre sou yon foul pyeton nan kapital la, vil Lond, tou prè yon moské, byen bonè lendi 19 jen 2017 la. Bilan an, pou pipiti 10 moun blese.

Chèf polis metwopolitèn vil Lond la, Cressida Dick, ki tap pale nan laprès di sak pase a se kareman yon atak sou fidèl mizilman ki tap sòti nan Moské a. Kòmandan Dick deklare:

"Nou genyen yon bann moun lopital e atak sa a mete lavi yo tèt anba. Nou konsidere sa ki pase a kom yon atak teworis e nou menm, nan polis metwopolitèn nan, nou choké menm jan ak tout lòt moun nan kominote nou an e travè peyi a devan sa k rive a."

Yon gwoup mesye kap lapriyè apre ensidan kote yon machin-vann te antre sou yon gwoup moun tou pre yon Moske nan katye Finsbury Park nan Nò Lond, Angletè 19 jen, 2017. Foto: Reuters / Neil Hall.
Yon gwoup mesye kap lapriyè apre ensidan kote yon machin-vann te antre sou yon gwoup moun tou pre yon Moske nan katye Finsbury Park nan Nò Lond, Angletè 19 jen, 2017. Foto: Reuters / Neil Hall.

Majistra vil Lond la, Sediq Khan ki se yon mizilman, di li konsidere ensidan an kòm yon atak teworis tèrib ki fèt sou vil Lond, tandiske premye minis Theresa May, bò kote pa l, atire atansyon sou le fèt ke atak la fèt sou moun ki pratike relijyon Islam nan e tou prè batiman kote yo adore Bondye.

XS
SM
MD
LG