Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pa Ekate Rapò Kòmkwa Larisi Ta Founi Gwoup Taliban an nan Peyi Afganistan Zam

Sekretè Defans Ameriken an, James Mattis, adwat, ak Jeneral nan Lame Etazini, John Nicholson, ki se kòmandan twoup amerikèn yo ann Afganistan, agoch, pandan yon konferans pou laprès nan Kabul, Afganistan, 24 avril 2017. (Foto: Jonathan Ernst/Pool via AP)

Kèk jou apre kokenn atak Taliban yo te lanse sou yon baz militè nan Afganistan, prensipal otorite militè Etazini yo pa ekate rapò kòmkwa Larisi ta bay gwoup rebel la zam.

"Nou kontinye ak resevwa rapò ki pale de asistans sa a e natirèlman nou te tande Larisi te bay mouvman Taliban an ouvètman dwa lejitim, nan finisman ane pase a," se pawòl Jeneral ameriken John Nicholson, kòmandan fòs entènasyonal yo sou teren an nan Afganistan.

Mesye Nicholson pale konsa lendi 24 avril 2017 la nan kapital Afganistan an Kaboul pandan li te ansanm ak Sekretè Defans Etazini an Jim Mattis, ki te fè yon vizit nan Afganistan san anonse l, apre li te fin fè eskal nan Qatar ak nan Djibouti.

Mesye Mattis fè wè ke Larisi chwazi pou l antre nan konpetisyon estratejik plizyè kote, antwòt nan peyi sa a nan Sid Azi ke lagè fin ravaje.

XS
SM
MD
LG