Accessibility links

Breaking News

Chèchè yo Jwenn Debri Avyon Ejip-Air ki Te Tonbe Jedi nan Lanmè Meditèrane a


Fanmi an dèy ki debake nan biwo konpayi EgyptAir, nan vil Lekèr, pou yo jwenn enfòmasyon sou paran yo ki te nan avyon ki fè aksidan nan dat 19 me 2016 la. (Foto: Hamada Elrasam pou Lavwadlamerik)
Fanmi an dèy ki debake nan biwo konpayi EgyptAir, nan vil Lekèr, pou yo jwenn enfòmasyon sou paran yo ki te nan avyon ki fè aksidan nan dat 19 me 2016 la. (Foto: Hamada Elrasam pou Lavwadlamerik)

Nan peyi Lejip, lame fè konnen li jwenn debri yon avyon Ejip-Air ki te tonbe nan Lanmè Meditèrane a nan kòmansman jounen jedi 19 me 2016 la. Yo jwenn restan aparèy la sou yon distans 300 kilomèt o-nò vil Aleksandri nan Lanmè Meditèrane a. Brigadye-jeneral Mohammed Samir, pòtpawòl lame ejipsyèn nan, fè parèt vandredi sou paj Facebook li, yon deklarasyon kote li di -nap site:

"Nou jwenn efè pèsonèl pasaje yo ak kèk moso avyon an ki tap flote sou dlo lanmè a."

Kèk sitwayen ejipsyen kanpe bò restan yon ansyen bato nan pò vil Aleksandri, pa lwen kote yo jwenn restan avyon ki fè aksidan jedi 19 me 2016 la.
Kèk sitwayen ejipsyen kanpe bò restan yon ansyen bato nan pò vil Aleksandri, pa lwen kote yo jwenn restan avyon ki fè aksidan jedi 19 me 2016 la.

Ekip chèchè ap siyone Lanmè Meditèrane a pou wè si y a jwenn pi gwo pati aparèy la ki te tonbe nan lanmè a nan nuit jedi pandan li te prèt pou rive nan vil Lekèr, ann Ejip, 4 trèdtan apre li te kite Pari, an Frans. Byen bonè vandredi 3 anketè fransè ak yon teknisyen konpayi avyon AIRBUS rive nan Lekèr pou yo patisipe nan envestigasyon kap fèt sou aksidan an.

Peyi Lejip ak Lagrès voye avyon ak bato patisipe nan rechèch yo. Nan deklarasyon minis afè etranjè Lafrans la, Jean-Marc Ayrault, fè vandredi sou aksidan an, li rejte ak fòs posiblite pou se teworis ki ta lakòz avyon an tonbe, jan pawòl la ap pale anpil kote. Li fè konnen “pa genyen okenn prèv ditou-ditou” ki ta montre egzatteman kisa k rive aparèy la. Pandan chèf diplomasi franse a tap pale sou yon chèn televizyon nan vil Pari, li ajoute:

“Nap tcheke tout posiblite; men nou pap privilejye youn pa rapò ak lòt, paske nou pa gen okenn prèv ditou-ditou ki ta di nou kisa ki pwovoke aksidan an.”

Nan Lekèr, minis aviyasyon ejipsyen an, Sherif Fatha, di se Lafrans kap pote responsablite a si yo jwenn se teworis ki te lakoz aksidan an. Li repete yon deklarasyon li te fè jedi kòmkwa sa k rive a plis sanble ak rezilta yon zak teworis pase yon pwoblèm mekanik. Pèsonn moun ni gwoup moun poko pran responsablite pou aksidan an ki touye tou lè 66 moun ki te abò avyon an.

XS
SM
MD
LG