Accessibility links

Breaking News

Kurd yo Ap Avanse ak Siksè nan Konpan pou Delivre Mosoul yon Vil nan Peyi Irak Gwoup Eta Islamik la Okipe


Militè Kurd yo nan zòn lès Mosoul alatak pou repran kontwòl vil la nan men gwoup Eta Islamik lan nan peyi Irak.17 oktòb 2016.
Militè Kurd yo nan zòn lès Mosoul alatak pou repran kontwòl vil la nan men gwoup Eta Islamik lan nan peyi Irak.17 oktòb 2016.

Lidè yo rapòte kèk siksè nan koumansman batay pou repran Mosoul, apre fòs irakyen yo fin lanse jodi a yon ofansiv atè ke moun t ap tann lontan nan vil Mosoul ki anba men militan gwoup Eta Islamik nan nò peyi a.

Jodi lendi a, yo “wete 200 kilomèt kare” anba men Eta Islamik, dapre Prezidan Kurd la Masoud Barzani, ki te pale nan yon konferans pou laprès ki te pase sou televizyon.

Yon konvwa militè ki gen ladan lame peyi Irak ak group Kurd yo
Yon konvwa militè ki gen ladan lame peyi Irak ak group Kurd yo

Misye Barzani deklare: Mosoul ap jwenn liberasyon l, e li ajoute ke konbatan li yo ap fè tou sa yo kapab pou Mosoul pa tounen yon lòt Aleppo, an palan de vil sa a ki nan pwoblèm nan peyi Siri.

Se pi gwo operasyon militè ki fèt nan Irak depi fòs ameriken yo te fin kite peyi a, sa gen 5 lane, e li soulve kè sote pou sekirite plizyè santèn milye sivil ki nan zòn nan.

XS
SM
MD
LG