Accessibility links

Breaking News

Peyi Kore di Sid Gen yon Nouvo Chèf Deta

Nouvo Prezidan Kore di Sid la, Moon Jae-in, leve 2 men li pou l salye vwazen ak patizan li yo, devan palè prezidansyèl la nan Sewoul. Bò kote dwat li gen madanm li, Kim Jung-sook. Kore di Sid, 10 me 2017.

Moon Jae-in prete sèman, mèkredi 10 me 2017 la, kòm prezidan Kore di Sid, sèlman yon jou apre li fin pase nan eleksyon prezidansyèl la ak pi gwo maj viktwa nan istwa peyi sa a

Eleksyon an te fèt avan lè akoz palman an te depoze ansyen prezidan Park Geun-hye poutèt li ta swadizan mele nan yon eskandal kòripsyon kote gwo sosyete biznis ke fanmi an ap dirije te peye plis pase 69 milyon dola nan kèk fondasyon magouy ki te gen nan tèt yo kèk ansyen zanmi ak kamarad prezidan an, pou yo ka jwenn favè gouvènman an.

Nan diskou inogirasyon li devan Asanble Nasyonal la, lidè liberal la ki nan Pati Demokratik sid koryen an deklare li pral bay bon ekzanp kòm lidè pou wete gouvènman an nan kòripsyon.

XS
SM
MD
LG