Accessibility links

Breaking News

Kore Di Nò Fè yon Lòt Tès Misil Balistik

Imaj sa a montre misil otorite Pyongyang yo te lanse nan wenken pase a nan yon andwa enkoni nan Kore di Nò. Yo te lanse yon lòt misil lendi bonè 29 me 2017 la. Pwojektil la ki te al tonbe nan lanmè peyi Japon.

Kore du No fè yon lot tès misil balistik a kou pòte byen bonè lendi 29 me 2017 la, kèk jou selman apre G-7 la te mande pou Pyongyang abandone anbisyon nikleye li yo.

Komandman pasifik Etazini an di lansman sa a fèt tou prè vil Wonsan sou kòt Ès Kore du Nò. Komandman an te suiv misil la pandan 6 minit anvan li tonbe nan lanmè Japon an, nan sa yo konsidere kom zòn ekonomik esklizif japonè a.

Responsab kòmandman pasifik ameriken an presize tès misil balistik sa a pa poze okenn menas pou Lèzetazini. Sepandanm, premye minis japonè a, Shinzo Abe, fache pou l mouri e li sèmante pou l reponn kif-kif. Mesye Abe di yon chèn televizyon japonèz:

"Nou pral travay ak Lèzetazini pou pase alaksyon komsadwa, yon fason pou fè Kore di Nò mete dlo nan diven li."

XS
SM
MD
LG