Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Diferan ant Prezidan Obama ak Prezidan Eli Etazini an Donald Trump sou Lanmò Fidel Castro


Timoun kap pote ankadreman ki gen imaj Fidel Castro ak Che Guevara pandan yon selebrasyon nan lari pou komemore 56èm anivèsè rejim kominis la nan peyi ak tryonf chèf lame rebèl la Castro, nan Regla, Kiba, 8 janvye , 2015.
Timoun kap pote ankadreman ki gen imaj Fidel Castro ak Che Guevara pandan yon selebrasyon nan lari pou komemore 56èm anivèsè rejim kominis la nan peyi ak tryonf chèf lame rebèl la Castro, nan Regla, Kiba, 8 janvye , 2015.

Prezidan Obama adrese l a pèp kiben an apre nouvèl lanmò Fidel Castro a pou l salye yo epi prezante yo kondoleyans li. Prezidan Obama fè konnen lap fè efò pou kontinye nòrmalize relasyon Lèzetazini avèk peyi Kiba.

Prezidan Obama deklare, “Jodi a nou ofri kondoleyans nou bay fanmi Fidel Castro, e nap kenbe pèp Kiben an nan panse nou ak priyè nou." Prezidan ameriken an ajoute, “nan jou kap vini yo, kiben yo pral sonje pase yo , men tou yo pral kontinye panse ak lavni. Pèp kiben an dwe konnen Etazini se yon zanmi ak yon patnè pou yo.”

Prezidan Obama kontinye pou l di, “Kiben yo - ke seswa sila yo kap viv Ozetazini oubyen nan Kiba - yo tout gen santiman diferan sou ki sa Fidel Castro reprezante pou yo.”

Prezidan Obama pat fè lwanj oswa denonse msye Castro tankou kèk lòt lidè nan mond la fè sa a, men li di pito se listwa ki ta gen pèmisyon pou anrejistre ak jije enpak ansyen lidè kominis la, Fidel Castro, genyen sou mond la.

Prezidan Obama fini pou l di, "pandan prezidans mwen an, nou travay di pou kite pase yo dèyè nou, pou nou pousuiv yon avni kote se pa mezantant ki defini relasyon ant 2 pèp yo, men pito valè pataje kòm vwazen, komès, ak sans imanitè komen nou yo.”

Bò kote pal, prezidan eli Etazini an, Donald Trump, te ekri bònè samdi 26 novanm 2016 la sou kont Tweeter li, "Fidel Castro mouri!"

Apre sa, msye Trump pibliye yon deklarasyon nan laprès kote li di, “Fidel Castro se te yon diktatè brital ki t ap peze pèp kiben an pandan anviwon 60 tan."

Foto: Fidel Castro pandan li tap patisipe pou yon dènye fwa nan Kongrè pati Kominis lan nan Lahavàn, Kiba, 19 avril, 2016.
Foto: Fidel Castro pandan li tap patisipe pou yon dènye fwa nan Kongrè pati Kominis lan nan Lahavàn, Kiba, 19 avril, 2016.

Pandan ke prezidan eli Donald Trump pran yon pozisyon fèm kont Fidel Castro, li di li espere lanmò Castro a pral make "yon separasyon ak zak laterè pèp kiben an tap soufri depi lontan.”

Prezidan eli ameriken an di tou administrasyon li an pral travay pou asire l pèp kiben an jwen pwosperite ak libète.

Nan fen deklarasyon msye Trump la, li salye pakèt kiben-ameriken li fè konnen ki te sipòte l pandand kanpay pou l te vin prezidan Lèzetazini an ak gwoup veteran ki pote non Brigad 2506 la kote li di, “ yo te sipòte mwen nan espwa pou yo kapab wè yon jou yon Kiba ki lib.”

Senatè repibliken eta Florid la, Marco Rubio ki fèt ozetazini e ki gen paran l ki se refijye Kiben, pale ak yon ton pi fèm e li di, “diktatè a mouri, men Kiba toujou anba yon rejim bout di.

Senate Repibliken pou eta Florid, Marco Rubio
Senate Repibliken pou eta Florid, Marco Rubio

Senatè Rubio kontinye pou l di " listwa pa pral aboli Fidel Castro; li pral sonje li kòm yon demon, yon diktatè ki touye moun e ki enflije mizè ak soufrans bay pwòp pèp li.”

Fidel Castro mouri vandredi swa 25 novanm 2016. Li te gen 90 zan.

XS
SM
MD
LG