Accessibility links

Breaking News

Yo Chante Antèman Fidel Castro Nan yon Seremoni Prive Dimanch 4 Desanm 2016 la

Machin militè kap pote sann kadav ansyen lidè kominis Fidel Castro kap pase bò kazèn lame kiben nan Moncada, kote Castro te dirije yon atak men ki te echwe nan lane 1953 pou te chavire rejim Fulgencio Batista a gouvènman ameriken tap sipòte. Mouvman Castro a te evantyèlman pwovoke ranvèsman gouvènman Batista a.

Yo antere sann kadav ansyen lidè kominis Fidel Castro nan lès Kiba byen bonè dimanch maten 4 desanm 2016 la apre otorite yo te dekrete 9 jounen dèy sou tout teritwa peyi Kiba.

Seremoni prive a te fèt ala dènyè minit nan simityè Santa Ifigenia. Jounalis ki te soti toupatou nan mond la pou kouvri seremoni an pat gen aksè e yo pat kapab rive nan zòn simityè a.

Fidel Castro se te yon lidè popilè. Anpil moun konsidere l kòm yon gwo chanpyon nan defann moun ki pòv. Genyen anpil lòt moun tou ki konsidere Castro tankou yon tiran ou byen yon diktatè ki kraze ekonimi peyi Kiba epi vyole dwa moun. Otorite kiben yo te anonse lanmò Fidel Castro jou ki te 25 novanm 2016 la apre sante li te fin deteyore. Li te gen 90 zan.

Prezidan Kiba a Raul Castro, dezyèm moun nan premye ranje a adwat, pran pozisyon salitasyon li pandan yon rasanbleman nan lonè frè li Fidel Castro nan Antonio Maceo plaza, Santiago, KIba. 3 desanm, 2016.

Sann kadav ansyen lidè a, Fidel Castro, te rive samdi 3 desanm nan Santiago, vil kote li te kòmanse revolisyon kibèn nan an 1953. Fidel Castro te pran pouvwa an 1959.

Aktyèl prezidan Kiba a, Raoul Castro, ki tap adrese l ak plizyè milye moun nan vèy defen an nan samdi swa, deklare gouvènman kiben an ap kenbe pwomès li, jan Fidel Castro te mande l la, pou yo pa kreye oubyen bay oken moniman pote non defen an.

Nan vèy ki te fèt samdi swa a, moun te ka remake prezans kèk alye ak zanmi ansyen lidè kominis la tankou prezidan peyi Venezuela a, Nicolas Maduro, ak ansyen foutbolè ajanten byen koni Diego Maradona.

Moun ki rasanble pou seremoni nan lonè defen an ansyen lidè kiben an, Fidel Castro, nan la Plaza Antonio Maceo, Santiago, Kiba, 3 desanm, 2016.
Moun ki rasanble pou seremoni nan lonè defen an ansyen lidè kiben an, Fidel Castro, nan la Plaza Antonio Maceo, Santiago, Kiba, 3 desanm, 2016.

Raoul Castro te ranplase frè li Fidel kòm prezidan peyi Kiba depi fevriye 2008. Li pwomèt pou l kite pouvwa a nan lane 2018.

XS
SM
MD
LG