Chèchè, diplomat ak envestisè ki etidye relasyon ant Etazini ak Kiba ap chache konprann sa k pwal rive nan ekonomi zile a e nan relasyon li ak Etazini apre lanmò lidè ki t ap dirije Kiba pandan lontan, Fidel Castro.
Sityasyon an plis pa klè toujou ak eleksyon Donald Trump ki, kòm prezidan Etazini, pwal pote yon tablo diferan anpil nan Washington pase sa k te la sou administrasyon ke li pwal ranplase a.
Prezidan Barack Obama te retabli relasyon diplomatik ak Kiba apre relasyon sa yo pa t ekziste depi plis pase 50 lane, pandan deklarasyon Trump ak nominasyon li yo bay siy ke pwal kanpe sou yon liy pi du kont zile nasyon an.
Jose Azel, yon chèchè sou Kiba nan Inivèsite Miami, fè konnen ekonomi Kiba a sete yon “panye konplike”, e ke li pwal rete “moribon” toutotan La Avàn pa chanje lwa sa yo ki mete anpil baryè kont envestisman etranje dirèk ke peyi a bezwen anpil.
Azel deklare envestisè yo oblije kounyea gen “ti pousantaj aksyon” kòm patnè ak lame kiben an e ke yo pa ka vini ak pwòp anplwaye pa yo. Li fè konnen Kiba bezwen vanse pou l kite yon sistèm ki echwe, kote se gouvènman santral la ki planifye tout aktivite, men li eksprime dout ke pwal gen yon gwo chanjman sou kesyon an anvan lontan.
Vizitè ameriken
Malgre pwoblèm sa yo, relasyon ki sot rechofe ant Washington ak La Avàn ogmante kantite vizitè ameriken nan Kiba, sa ki pote lajan nan ekonomi an ki nan latwoublay.
Sèvis avyon komèsyal rekoumanse tou ant 2 nasyon yo, e kèk konpayi ameriken ap opere otèl e ap chache gen pèmisyon pou yo fè lòt biznis nan Kiba.
John Kavulich nan Konsèy Ameriken pou Komès ak Ekonomi, yon gwoup biznis, fè konnen refòm ekonomik ki fèt nan Kiba pandan 10 lane ki pase yo, yo vanse kòmsadwa e koumanse ap pran fòm.
“Biwokrasi gouvènman an kontinye kenbe yon kontwòl du sou aktivite antreprenè biznis yo, sou nenpòt bagay ki, komèsyalman ak ekonomikman, ta dwe an deyò kontwòl gouvènman,” se Kavulich ki pale konsa.
Fonksyonè retrete nan Sèvis Etranje Ameriken John Caulfield te dirije Seksyon Enterè Etazini nan La Avàn jiska 2014. Li rapòte deklarasyon Prezidan kiben Raul Castro ki te fè konnen refòm yo ap vanse “san pòz, men san mache-prese”.
Caulfield fè konnen anpil Kiben ta renmen wè chanjman yo fèt pi vit. Nan pwen-d-vi gouvènman kiben an, chanjman yo rive lwen, men yo pa rive nan pwen kote yo dwe rive pou Kiba ka patisipe nan ekonomi mondyal la e pwospere.
Limit nan Activite Ekonomik
Kiben yo gen anpil limit nan kesyon pou konnen ki jan de aktivite ekonomik yo ka rapouswiv, dapre Caulfield toujou.
Li ajoute: “Ou ka elektrisyen oubyen plonbye, men ou pa ka gen yon faktori. Ou pa ka òganize yon gwo konpayi ki ap bay sèvis e ou pa ka yon ajan nan biznis kay.” Se yon gwo pwoblèm, paske se jan de aktivite ekonomik konsa ki ka kreye richès ak kwasans.
Ansyen diplomat la fè konnen fòk gen envestisman etranje ak konesans pou bay ekonomi an jarèt nan Kiba, e ke pifò konesans ak kapital lajan sa yo, se antreprenè kiben ki ka pote yo, e pifò nan yo kite zile a depi plis pase 50 ou 60 lane.
Mouvman k ap fèt pou kite yon sistèm totalitè, kote tout aspè nan lavi a te anba kontwòl gouvènman an, pou antre nan yon sosyete pi ouvè, sa mete gouvènman ki la a sou tansyon, dapre Caulfield.
Pwopriyetè Biznis Ameriken yo Fristre
Pandan otorite kiben yo pè pou chanjman yo pa vini twò vit, pwopriyetè biznis ameriken yo desu lè yo wè chanjman sa yo ap pran twòp tan.
Kavulich, nan Konsèy Ameriken pou Komès ak Ekonomi, kominote biznis ameriken yo “desu anpil deske prezidan Obama pa t kouvri plis teren.”
Deklarasyon ki soti nan administrasyon Trump-la, e chwa li pou kèk pòs kle, fè panse ke Trump pwal plis kanpe sou bit liy du ak Kiba konpare ak Obama.
Men sa ki plis pa klè toujou, se ki enfliyans Prezidan Kiben Raul Castro, ti frè Fidel la, k ap pran retrèt li an 2018, pwal gen sou relasyon diplomatik ak kwasans ekonomik.
Kavulich fè konnen ke yon bagay li ka di ak sètitid sèke “pwal gen ensètitid.”