Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: KEP a Demanti Endistriyèl Andy Aped Gen Aksan ak Sant Tabilasyon Elektoral la


Ayiti-Eleksyon:

Nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik, pòtpawòl Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), Nicole Siméon, bay garanti endistriyèl Andy Aped pa fè pati pèsonèl enstitisyon eklektoral la la. Pa konsekan, pati ak lidè politik yo pa gen okenn rezon panse li gen aksè ak sant tabilasyon an.

Dènye Nouvèl sou Pwosesis Elektoral la ann Ayiti. Dat: 6 septanm 2016.
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:42 0:00

Nan menm okazyon an, Madam Siméon, ki reponn kesyon Jean-Pierre Leroy, nye tout responsabilite nan difikilte pati politik yo ta genyen pou yo anrejistre mandatè yo an-liy (kidonk, sou entènèt). Daprè Nicole Siméon, pati politik yo antre plis mandatè pase kantite sistèm enfòmatik la prevwa a.

00000000000000000000000000000000000000000000

Oganizasyon Sektè Popilè Ayisyen an, kap apiye kandida a la prezidans LAPEH a, Jude Célestin, anonse yon mach pasifik pou jounen vandredi 9 septanm 2016 la pou mande Konsèy Elektoral Pwovizwa a entèdi Andy Aped antre nan Sant Tabilasyon Elektoral la.

Kowòdonatè jeneral Sektè Popilè a, René Monplaisir, te patisipe nan yon konferans pou laprès nan jounen lendi a pou l di, antwòt, kanpay Jude Célestin an panse Misye Aped gen yon pase ki montre li pap defann enterè sektè demokratik la. Misye Momplaisir lanse apèl bay prezidan KEP a, Léopold Berlanger, pou di li prezans misye Aped nan sant tabilasyon an kapab deklanche reyaksyon kont tout konsèy la.

00000000000000000000000000000000000000000000

Anfen, Pati Repons Peyizan ak Pati Ayisyen Tet Kalè (PHTK) bay yon konferans pou laprès nan menm jounen lendi a pou yo mande KEP korije sa yo konsidere kòm “yon seri anomali” ki leze enterè yo nan kad preparasyon eleksyon 9 oktòb 2016 la. Reynald Lubérice ak Rudy Hériveaux, 2 pòtpawòl PHTK, te pote presizyon nan rankont ak laprès la.

XS
SM
MD
LG