Accessibility links

Breaking News

Kellyanne Conway: "Prezidan Trump Touche yon Pwen Enpòtan nan Revandikasyon Konsèvatè yo, e se Sak Fè yo Apiye l


Konseyè Lamezon Blanch, Kellyanne Conway, pandan li tap pale nan Konferans Aksyon Politik Konsèvatè yo (CPAC) nan Oxon Hill, Maryland, 23 fevriye 2017. (Foto: AP/Susan Walsh)
Konseyè Lamezon Blanch, Kellyanne Conway, pandan li tap pale nan Konferans Aksyon Politik Konsèvatè yo (CPAC) nan Oxon Hill, Maryland, 23 fevriye 2017. (Foto: AP/Susan Walsh)

Prezidan Donald Trump kenbe mouvman politik konsèvatè a fèm e l ap pouse l nan pwòp direksyon pa l, dapre Kellyanne Conway, youn nan prensipal konseye Mezon Blanch yo.

Madam Conway deklare , " Prezidan Trump touche yon bagay ki rale konsèvatè yo byen vit dèyè l, malgre li pa toujou nan menm liy ak kwayans pa yo."

Madanm Conway di Mesye Trump te jwenn nominasyon pati Repibliken an gras ak moun ki anba yo e ke mouvman an te monte pran moun anwo yo.

Konseyè Mesye Trump la te fè deklarasyon sa yo jedi 23 fevriye 2017 la nan Konferans Aksyon Politik Konsèvatè a ki gen ti non CPAC, e ki se pi gran rasanbleman gwoupman politik sa a ki fèt chak ane.

XS
SM
MD
LG