Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ayisyen an Jovenel Moise Pwomèt pou l Travay ak Sektè nan Tout Kouch Sosyal pou Devlopman Peyi a


Nouvo Prezidan Ayisyen an Jovenel Moise, adwat, ak nouvo Premye Dam la Martine Marie Etienne Joseph, agoch, jou prestasyon sèman an nan Palman ayisyen an, 7 fevriye 2017. Pòtoprens, Ayiti.
Nouvo Prezidan Ayisyen an Jovenel Moise, adwat, ak nouvo Premye Dam la Martine Marie Etienne Joseph, agoch, jou prestasyon sèman an nan Palman ayisyen an, 7 fevriye 2017. Pòtoprens, Ayiti.

Prezidan Jovenel Moise ki gen 48 lane sou tèt li se yon biznisman moun konnen sou non " Nèg Bannann nan" paske li kon ekspòte pwodui sa a aletranje. Lite te genyen eleksyon prezidansyèl 20 novanm 2016 la ak 55,6 pousan vwa yo sou lòt kandida yo. Lòt kandida yo te konteste rezilta preliminè kous prezidansyèl la devan yon tribinal elektoral. Men apre verifikasyon pwosè vèbal yo, tribinal elektoral la te mentni rezilta yo jan Konsèy Elektoral Pwovizwa a te pibliye yo a.

Nan diskou evestiti Prezidan Jovenel Moise pwonose nan dat 7 fevrieye 2017 la, li mansyone fèb patisipasyon popilasyon an nan dènye eleksyon yo. Pandanstan, nouvo lidè ayisyen an pwomèt pou l travay ak sektè nan tout kouch sosyal yon fason pou l rive mete peyi sou wout devlopman.

Mesye Moise di tou sou gouvènmam li an lajistis pap enstrimantalize. Mesye Moise deklare e nap site, “Lajistis pap sèvi kòm yon zouti pou kreye pèsekisyon politik.”Fend sitasyon.

You jou avan seremoni prestasyon sèman an, moun tap tan rezilta yon ankèt sou blanchiman lajan Komisè gouvènman Pòtoprens la mèt Danton Leger te gen pou l pibliye e ki gen non nouvo prezidan an ladann.

Sepadan, nouvèl yo rapòte, chèf pakè Pòtoprens lan, te retounen dosye a bay jij denstriksyon ki tap dirije ankè la dekwa pou l eksplore kèk nouvo pis sou kesyon an.

Bò kote pa yo, patizan Mesye Jovenel Moise yo konsidere dosye blanchiman lajan kòm yon pèsekisyon politik. Anmèn tan oposan li yo kwè se lajistis kap fè travay li.

Ansyen Senatè Moise Jean Charles ki se yon kandida malere nan elekesyon prezidansyèl 20 novanm 2016 la deklare li gen entansyon prezante l kòm pati sivil nan dosye sou blanchiman lajan an. Ansyen senate Depatman Nò a fè deklarasyon sa a nan yon nòt li voye bay laprès kèk jou sèlman avan prestasyon sèman Prezidan Jovenel Moise kòm 58 chèf deta Dayiti pandan 5 lane kap vini la yo.

Prezidan Jovenel Moise pale de òganizasyon yon eta jenero kote li di li pral mete tout piti peyi a chita ansanm pou fè deba sou pwoblèm peyi a. Nouvo chèf deta a mansyone nan diskou envestiti li a entegrasyon diapora Ayisyen nan politik ekonomik e sosyal peyi a yon fason pou ranfòse devlopman sektè touris la ann ayiti

XS
SM
MD
LG