Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moise Chwazi yon Doktè e Pwofesè Inivèsite Kòm Premye Minis: Reyaksyon Senatè Jean Marie Salomon

Prezidan Ayisyen an Jovenel Moise ak madanm li Martine pandan li tap pale ak laprès nan Pòtoprens, Ayiti. Foto 28 novanm 2017 apre piblikasyon rezilta prezidansyèl yo, lè Mesye Moise te fèk vin prezidan-eli.

Prezidan Ayiti, Jovenel Moise, te ekri sou kont Twitter li lannuit 22 fevriye 2017 la kote li di se apre konsiltasyon ak prezidan 2 chanm yo, li deziye Doktè Jack Guy Lafontant kòm chèf gouvènman li a.

Prezidan ayisyen an Jovenel Moise, nan mitan, Prezidan Sena a Youri Latortue, agoch, ak prezidan chanm Depite yo Cholzer Chancy, adwat.
Prezidan ayisyen an Jovenel Moise, nan mitan, Prezidan Sena a Youri Latortue, agoch, ak prezidan chanm Depite yo Cholzer Chancy, adwat.

Doktè Lafontant, 56 zan, se pwofesè gastro-enteroloji nan Fakilte Medsin ak Famasi e Inivèsite Notre Dame. Guichard Dore, youn nan pòt pawòl PHTK e konseye politik chèf leta a ap pote presizyon sou anons la prezidan an fè sou kont Twitter li a.

Klike sou lyen odyo a anba tèks la pou tande deklarasyon Mesye Dore la.

Deklarasyon Guichard Dore (PHTK) sou chwa Dr. Jack Guy Lafontant kòm Premye Minis Gouvènman Prezidan Jovenel Moise la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:34 0:00

Sepandan, Vis-prezidan Gran Kò, Senatè Jean Marie Salomon di non Doktè Jack Guy Lafontant pat sou lis non moun ki te site pou pòs premye minis la.

Klike sou lyen odyo a anba tèks la pou tande deklarasyon Senatè Salomon an.

Deklarasyon Senatè Jean Marie Salomon nan mikwo Jean Pierre Leroy
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:49 0:00

XS
SM
MD
LG