Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moise Onore Ewo Ayisyen yo nan Kito, Ekwatè

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise pandan vizit li sou plas ewo ayisyen yo nan Kito, Ekwatè, 23 me 2017 la. (Dwat a Gòch): Prezidan Jovenel Moise, , prezidan chanm depite a, Cholzer Chancy, Prezidan Sena a, Youri Latortue ak Premye Danm nan Martine Moise nan Kito, Ekwatè, 23 me, 2017. (Foto: Koutwazi Palè Nasyonal la).

Prezidan Jovenel Moise depoze yon jèb flè nan pye estati 'Ewo Ayisyen yo' nan Kito peyi Ekwatè dapre yon nòt ki soti nan Palè Nasyonal nan Pòtoprens, peyi Dayiti.

Nòt pou laprès la fè konnen: "Prezidan ayisyen an Jovenel Moise akonpaye ak Premyè Dam lan, Martine Moïse, te rive nan Aewopò Entènasyonal Mariscal Sucre a ann Ekwatè mardi 23 me 2017 la, kote li te pran direksyon kapital la Kito pi presizeman sou Plas Ayiti a pou depoze yon jèb flè nan pye moniman Ewo Endepandans Ayisyen yo.

Seremoni depoze flè a te dewoule antwot nan prezans majistra vil Kito a, reprezantan kominote ayisyèn nan, ak pèsonèl nan Anbasad Ayiti a nan Ekwatè.

Chèf Deta Ayiti a te ale nan lokal anbasad la pou yon kòktèl byenvini, avan pou l te rann li nan Otèl Hilton Colon pou yon rankont bilateral ak Premye Vis- prezidan repiblik Kiba a."

Nan foto Palè Nasyonal pibliye sou vwayaj prezidan aysiyen an nan Kito, moun kapab remake tou prezans Prezidan Chanm Sena ayisyen an, Youri Latortue ak Prezidan Chanm Depite a Cholzer Chancy sou plas ewo ayisyen yo ansanm ak prezidan e Premyè Danm Martine Moise.

XS
SM
MD
LG