Accessibility links

Breaking News

Plis Moun Kite Kay yo nan Lemond pou Pran Refij nan Lòt Peyi Pandan Ane 2016 la Dapre yon Rapò Nasyon Zini


Yon jèn tifi refije soudanèz bare figi li pou pwoteje li kont Solèy la pandan li kouche atè bò kote anpil lòt refije kap tann assistans medikal nan Uganda, 14 jen 2017. (H. Athumani/VOA)
Yon jèn tifi refije soudanèz bare figi li pou pwoteje li kont Solèy la pandan li kouche atè bò kote anpil lòt refije kap tann assistans medikal nan Uganda, 14 jen 2017. (H. Athumani/VOA)

Yon nouvo rapò fè kwè se premye fwa nan istwa lemond gen anpil moun konsa ki tounen refijye oubyen ki kite kay yo menm lè yo rete nan peyi yo, akoz lagè, vyolans, ak pèsekisyon.

Ajans refijye l ONU an pibliye sa l rele "Rapò sou Tandans Mondyal" a lavèy Jounen Mondyal Refijye yo. Rapò sa a montre yon chif ke moun pat janm tande anvan, kòmkwa 65 milyon 600 mil moun te oblije kite kay yo nan finisman ane 2016 la, ki se yon ogmantasyon 300 mil, konpare ak ane anvan an.

Ajans Refijye NAsyon Zini an rapòte ke youn sou chak 113 moun sou tè a se swa yon refijye, swa yon moun ki te oblije kite kay li menm lè li rete nan peyi li.

XS
SM
MD
LG