Accessibility links

Breaking News

Etazini: John Kerry Twouve li an Antatik pou l Obsève Fenomèn Chanjman Klimatik la


Sekretè Deta Etazini an John Kerry rejyon Antatik la vandredi 11 novanm 2016
Sekretè Deta Etazini an John Kerry rejyon Antatik la vandredi 11 novanm 2016

Sekretè Deta Etazini an John Kerry vizite rejyon Antatik la vandredi 11 novanm 2016, anvan yon konferans entènasyonal sou chanjman klima a ki pwal dewoule nan Marrakesh nan peyi Mawòk semèn k ap vini an.

Sekretè Deta Ameriken an John Kerry nan rejyon Antatik la vandredi 11 novanm 2016
Sekretè Deta Ameriken an John Kerry nan rejyon Antatik la vandredi 11 novanm 2016

Apre li fin pran vòl nan Christchurch nan nouvèl Zeland, Msye Kerry te ale nan estasyon McMurdo, ki se baz operayson Etazini nan Antatik la. Misye Kerry ap vwayaje nan McMurdo pou ale nan yon ti estasyon rechèch Etazini toupre Pol Sid la, kote li pwal pale ak ekspè laba a anvan li tounen McMurdo pou l pase lannwit la.

Moun k ap travay pou Misye Kerry fè konnen vwayaj sa a se yon opòtinite pou l aprann kijan chanjman klima a fèt nan Antatik la.

XS
SM
MD
LG