Accessibility links

Breaking News

Jared Kushner, Bofis e Konseye Prezidan Etazini an Donald Trump, Twouve l ann Irak nan Kad yon Rankont ak Lidè Peyi sa a e ak Twoup Ameriken yo


Jared Kushner (agoch), bofis e gran konseye Prezidan Donald Trump, ak Jeneral Joseph Dunford,(adwat) ki se Chèf Deta Majò Lame Ameriken nan.
Jared Kushner (agoch), bofis e gran konseye Prezidan Donald Trump, ak Jeneral Joseph Dunford,(adwat) ki se Chèf Deta Majò Lame Ameriken nan.

Yon dirijan wo plase nan Mezon Blanch fè konnen Jared Kushner, bofis e gran konseye Prezidan Donald Trump, ap vizite Irak.

Mesye Kushner ap vwayaje ak Jeneral Joseph Dunford, ki se Chèf Deta Majò lame a, dapre yon deklarasyon ki soti nan biwo Dunford la.

Vizit sa a se “pou rankontre ak lidè yo nan Irak, gran Konseye Etazini yo, e vizite fòs ameriken yo sou teren an pou l ka gen dènye enfòmasyon” pou konnen ki kote yo ye nan batay kont goup Eta Islamik la, dapre deklarasyon an. Mesye Kushner ap vwayaje nan non Prezidan an pou fè Gouvènmann Irak la ak twoup ameriken yo konnen sipò ak detèminasyon Prezidan an nan batay la.

XS
SM
MD
LG