Accessibility links

Breaking News

Janet Reno, Premye Fanm ki te Sèvi Kòm Minis Jistis Etazini, Mouri a 78 Tan


Janet Reno ran dènye souf li jodi a akoz yon konplikasyon maladi Parkinson.

Li te pase 8 lane nan pòs Minis Jistis Lèzetazini sou Prezidan Bill Clinton, koumanse depi an 1993 ak otorizasyon kel te bay FBI pou fè yon desant dè lye nan bitasyon Brach Davidian nan toupre Wako nan eta Texas, kote 80 moun te mouri nan operasyon an.

An 2000, li te nan aktyalite a ankò nan ka ti gason kiben Elian Gonzalez ki te gen 6 lane, apre manman l te mouri e kite nan men fanmi li nan eta Florid. Janet Reno te otorize ajan federal sezi ti Gonzalez pou l ka retounen jwenn papa l nan Kiba.

XS
SM
MD
LG