Accessibility links

Breaking News

Lasiri ak Izrayèl, yo Chak Bay Vèsyon Pa yo Apre yon Lese Frape Aeryen nan Damas


Yon machin lame Izrayèl
Yon machin lame Izrayèl

Siri fè konnen li desann yon avyon militè izrayelyen e frape yon lòt.

Sepandan Izrayèl deklare avyon li yo te retounen san danje apre li te fin lanse frap aeryen sou plizyè pozisyon nan Siri, nan jounen vandredi 17 mas 2017 la. Izrayèl pa di ki sa l te vize, men Siri fè konnen djèt izrayelyen yo te atake yon pozisyon militè toupre vil Palmir nan sa Damas dekri kòm yon zak agresyon ki ede gwoup Eta Islamik la.

Nan yon aksyon ki pa fèt fasil, Fòs Defans Izrayelyen an (IDF) pibliye yon deklarasyon kote li rekonèt ke li te lanse operasyon an. Dapre deklarasyon sa a, Siri te lanse plizyè misil anti-aeryen kont avyon Izrayèl. Fòs Izrayelyen yo te bloke kèk nan misil sa yo e sekirite sivil oubyen fòs militè yo pat an danje nan okenn moman.

XS
SM
MD
LG