Accessibility links

Breaking News

Yon Sòlda Izraelyen Kondane pou Zak Asasinay sou yon Palestinyen

Sòlda Izraelyen, Sèjan Elor Azaria, ap tann ak paran li vèdik la anndan tribinal militè a nan Tel Aviv. Pèp Izrayèl la sou lye a pou pote solidarite yo ak Sèjan Azaria. 4 janvye 2017.( Heidi Levine, Pool via AP)

Yon tribinal militè kondane yon solda izraelyen pou asasinay sou yon asayan Palestinyen andikape nan mwa mas 2016 nan Sisjòdani.

Ensidan an te rive nan vil Hebron e piblik la te vin okouran lè yon video te moutre Azaria ki t ap tire Abdel Fattah al-Sharif, yon jèn gason 21 lane apre li te kouche atè e te blese, apre li te fin pran kout kouto yon solda israelyen.

Sipòtè, Sèjan. Elor Azaria sòlda izraelyen, kap pwoteste deyò tribinal militè a nan Tel Aviv. 4 janvye 2017. Tapaj te eklate deyò tribinal la pandan pwosè dapèl la.
Sipòtè, Sèjan. Elor Azaria sòlda izraelyen, kap pwoteste deyò tribinal militè a nan Tel Aviv. 4 janvye 2017. Tapaj te eklate deyò tribinal la pandan pwosè dapèl la.

Kolonel Maya Heller te deklare pandan li t ap bay vèdik li jodi 4 janvye 2107la: “Le fèt ke mesye ki te kouche atè a te yon teworis, se pa yon rezon pou yon respons ki pi pa ka konpare ak sa l te fè a."

Elor Azaria ki gen 20 lane ap fè fas ak jiska 20 lane prizon. Li pwal jwenn santans li nan yon lòt dat.

XS
SM
MD
LG