Accessibility links

Breaking News

Izrael Akize Iran pou 2 Atak Teworis nan End ak Jeyòji


Otorite yo fè konnen madanm Atache Defans izraelyen an ak chofè li te pami moun ki blese lè asayan te sote ak bonm oto yon diplomat
Otorite yo fè konnen madanm Atache Defans izraelyen an ak chofè li te pami moun ki blese lè asayan te sote ak bonm oto yon diplomat

Izrael akize Iran ak gwoup islamis libanè Hezbollah pou 2 atak an bonm ki te fèt prèske an menm tan sou diplomat israelyen nan peyi End ak Jeyòji, kote 4 moun soti blese, e youn nan yo grav.

Otorite yo fè konnen madanm Atache Defans izraelyen an ak chofè li te pami moun ki blese nan New Delhi lè asayan te sote ak bonm oto yon diplomat izraelyen.

Lapolis nan Jeyòji te dezamòse bonm nan ke moun te plase nan Tbilisi.

Premye-minis Benjamin Netanyahu di manm pati li a, Likud la, ke ‘’Iran dèyè atak sa yo’’ e li kalifye gouvènman iranyen an nan Teheran kòm pi gwo patwon aktivite teworis nan lemond.

XS
SM
MD
LG