Accessibility links

Breaking News

Ivanka Trump, Pitit Fi Prezidan Ameriken an, Fè Konnen Papa l Kwè Fanm Gen Kapasite pou Travay Menm Jan ak Gason


(Goch, adwat) Ivanka Trump, pitit fi Prezidan Trump la, ansanm ak konseyè nan Lamezon Blanch Christine Lagarde, epi Chanselyè peyi Almay Angela Merkel, nan Bèlin, Almay, 25 avril 2017.
(Goch, adwat) Ivanka Trump, pitit fi Prezidan Trump la, ansanm ak konseyè nan Lamezon Blanch Christine Lagarde, epi Chanselyè peyi Almay Angela Merkel, nan Bèlin, Almay, 25 avril 2017.

Pitit fi Prezidan Donald Trump lan, Ivanka Trump, fè kèk deklarasyon ki fè moun fè bri pandan li tap defann pozisyon papa l konsènan medam yo nan vil Bèlen ann Almay. Li deklare kritik laprès kont jan papa l te konn konpòte l otrefwa ak medam yo se kritik ki la depi lontan.

Ivanka Trump fè konnen eksperyans li fè ansanm ak lòt medam ki te travay nan anpil biznis Trump la “se testaman ki pwouve kwayans li ak konviksyon solid li nan kapasite fi genyen pou yo fè travay la menm jan ak nenpòt gason."

XS
SM
MD
LG