Accessibility links

Breaking News

Fòs Irakyen ak Konbatan Kurd yo Kontinye Ap Avanse Pi Pre Vil Mosou ki Toujou Anba Kontwòl Gwoup Eta Islamik la


Yon manm nan Fòs lame Irak la ap pale ak yo fanmi ki abite nan zòn tou pre Mosoul. Pandan operasyon yo ap kontinye tou pre Qayyarah, Irak. 24 Oktòb, 2016.
Yon manm nan Fòs lame Irak la ap pale ak yo fanmi ki abite nan zòn tou pre Mosoul. Pandan operasyon yo ap kontinye tou pre Qayyarah, Irak. 24 Oktòb, 2016.

Fòs irakyen yo bonbade zòn nan alantou Mosoul pandan ofansiv pou reprann 2èm pi gran vil peyi a nan men gwoup Eta Islamik la antre nan 2èm semèn li.

Atak yo te santre toupre Bartella, nan anviwon 15 kilomèt distans ak pati ès Mosoul. Fòs irakyen ak konbatan kurd yo ap travèse ti bouk yo toupre ès ak sid Mosoul pandan yap vanse pi pre vil la menm.

Brett McGurk, anvwaye espesyal pou koalisyon ki gen Etazini nan tèt li kap lanse frap aeryen kont pozisyon gwoup Eta Islamikyo depi 2 lane, afiche jodi a sou kot Twitter ke apre semèn nan, yo reyalize tout objektif yo pou kounye a.

XS
SM
MD
LG