Accessibility links

Breaking News

Desizyon pou Mennen Ankèt sou Imigran Ayisyen ki Gen TPS yo Bay Anpil Moun Kè Sote


Animatè radyo e pwofesè nan lekòl segondè, Salusa Basquin, pandan li tap prepare yon leson jewometri pou etidyan li yo, madi, 9 me 2017 la, nan West Palm Beach, Eta Florid. Nan semèn pase yo, li te òganize rasanbleman nan zòn West Palm Beach la ak nan Miami pou mande Adminstrasyon Trump la Renouvle TPS pou imigran Ayisen yo.
Animatè radyo e pwofesè nan lekòl segondè, Salusa Basquin, pandan li tap prepare yon leson jewometri pou etidyan li yo, madi, 9 me 2017 la, nan West Palm Beach, Eta Florid. Nan semèn pase yo, li te òganize rasanbleman nan zòn West Palm Beach la ak nan Miami pou mande Adminstrasyon Trump la Renouvle TPS pou imigran Ayisen yo.

Avoka imigrasyon yo eksprime kè sote yo di yo genyen, sou desizyon Depatman Sekirite Teritoryal ak Ladwan Etazini an ta pran pou fè mennen ankèt sou ayisyen ki gen Stati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou wè si yo pa komèt krim oubyen vyole kondisyon ki mache ak TPS la.

Dapre mèt Philip Berns, yon avoka imigrasyon, "desizyon sa a pa jis."

Mèt Philip Berns, ki gen biwo li nan vil Stamford, nan Eta Connecticut, te reponn kesyson Lavwadlamerik, 9 me 2017 la, sou enfòmasyon ajans nouvèl Associated Press (AP) pibliye sou desizyon otorite amerikèn yo ta vle pran nan sa ki gen rapò ak imigran ayisyen ki gen TPS yo. Dapre AP, administrasyon Trump la ta mande pou Sèvis Imigrasyon ak Ladwann mennen ankèt sou tout yon kominote, yon bagay, dapre ajans nouvèl la, ki pa abitye fèt.

Gen 50.000 ayisyen anviwon kap viv ak stati tanporè Ozetazini depi yon gwo tranblamandtè te frape Ayiti nan dat 12 janvye 2010 la, yon trajedi ki te koze lanmò anviwon 300.000 moun epi fè gwo dega materyèl nan peyi a.

Widnay Charles, agoch, bese tèt li pandan yon rasanbleman pou komemore gwo tranblemandtè ki te detui prèske yon bò nan peyi Dayiti sa gen 7 tan deja, 12 janvye 2010. Ti-Ayiti (Little Haiti), Miami, Florid. 12 janvye 2017.
Widnay Charles, agoch, bese tèt li pandan yon rasanbleman pou komemore gwo tranblemandtè ki te detui prèske yon bò nan peyi Dayiti sa gen 7 tan deja, 12 janvye 2010. Ti-Ayiti (Little Haiti), Miami, Florid. 12 janvye 2017.

Gen 13 peyi kap patisipe nan pwogram TPS la

Ayiti se youn nan 13 peyi Depatman Sekirite Teritoryal Etazini an chwazi pou patisipe nan pwogram Stati Pwoteksyon Tanporè a akoz konfli, risk ak dezas natirèl ki mete lavi moun andanje prèske chak jou.

Youn nan kesyon Mèt Berns poze se: “Kilès ki ka di Ayiti pa premye peyi yo fè sa?” Avoka imigrasyon an kontinye pou l di: “Imigran salvadoryen, ondiryen ak lòt ki sou lis la dwe fè anpil atansyon. Nou pata renmen wè sa vin tounen yon kondisyon pou imigran. Nou pa dwe kite yon aksyon konsa grandi."

Sekretè Deta Sekirite Teritoryal Etazini an, John Kelly pandan li tap pale nan Lamezon Blanch. Foto: 2 me 2017
Sekretè Deta Sekirite Teritoryal Etazini an, John Kelly pandan li tap pale nan Lamezon Blanch. Foto: 2 me 2017

Nan yon repons imel Depatman Sekirite Teritoryal Ameriken an voye bay Lavwadlamerik, li fè konnen poko gen desizyon ki pran sou dosye renouvèlman TPS pou imigran ayisyen yo. Dapre nòt la, se Sekretè Sekirite Teritoryal la, John Kelly, ki gen pou l pran dènye desizyon an. Tout fwa, Mesye Kelly poko fè sa a. Sepandan, li mande otorite imigrasyon yo pou bali detay yon fason pou l kapab konprann pi byen fonksyonnman pwogram Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS), pou n site menm nòt la.

Rezon ki lakoz kè sote nan dosye renouvèlman TPS pou ayisyen yo

Stati tanporè pou imigran ayisyen yo ap rive nan bout li 22 jiyè kap vini an sof si Depatman Sekirite Teritoryal la ta chwazi pou l renouvle l. Depatman an ta dwe pran yon desisyon 23 me kap vini an pou pi ta epi mete sou pye yon plan estrateji pou 6 mwa.

Dapre ajans nouvèl Associated Press (AP), dosye sou ankèt, pou detèmine si wi ou non genyen nan ayisyen ki gen TPS yo ki ta komèt krim sou teritwa ameriken an, te parèt nan imèl Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon an. Imèl yo montre ke alatèt sèvis imigrasyon amerikèn nan vle konnen konbyen nan imigran ayisyen sa yo ki ta fè magouy pou yo kapab jwenn asistans sosyal leta bay pou moun ki pagen lajan nan peyi a. Moun ki gen Stati Pwoteksyon Tanporè yo pa kalifye pou jwenn èd sa yo.

Dapre AP, imel yo pa di klèman si otorite ameriken yo pral sèvi ak dosye kriminèl yon imigran ayisyen pou deside si wi ou non l ap kapab rete nan pwogram TPS la.

Marleine Bastien mande Prezidan Trump sonje pwomès li te fè Kominote Ayisyèn nan

Marleine Bastien, ki se direktris ekzekitif Fanm Ayisyèn nan Miami,yon òganizasyon kap defann dwa medam yo nan Florid, deklare Sekretè Sekirte Teritoryal la, John Kelly, ap pèdi tan li e gaspiye lajan taks sitwayen ameriken yo, nan mennen ankèt sou ayisyen ki deja gen TPS. Madam Bastien ajoute, John Kelly konnen byen pou yon moun jwenn stati tanporè li dwe gen dosye pwòp paske yo ezamine dosye imigran yo avan pou apwouve yo.

Direktris òganizasyon dwa moun nan fè konnen Prezidan Donald Trump te di li pral tounen "meyè chanpyon ayisyen,” sètadi, li te pwomèt pou l ede kominote ayisyèn nan. Dapre Madam Bastien ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik, Prezidan Trump te fè deklarasyon sa a pandan li tap mennen kanpay nan sid Florid nan ane 2016 la. Madam Bastien ajoute, li lè pou prezidan an pwouve sa I te di a.

Ayiti poko geri anba Pakèt dezas natirèl li te sibi yo

Anbasadè Paul Altidor, reprezantan peyi Dayiti a nan Washington, di Lavwadlamerik li pa dakò ak enfòmasyon ki vle fè kwè Ayiti pare poul resevwa plizyè dizèn milye konpatryòt. Dapre anbasadè a, peyi a poke refè anba gwo dezas natirèl li sot sibi yo.

Anbasadè Altidor ajoute: “Gouvènman Ayiti a ankouraje administrasyon Trump la pou l renouvle TPS pou imigran ayisyen yo.”

Anbasadè Ayiti a Ozetazini an fè deklarasyon sa a pandan yon vizit li te fè nan Lavwadlamerik mèkredi 3 me 2017 la.

Anbasadè Altidor fè konnen nouvo gouvènman an ki fèk antre an fonksyon ann Ayiti kòmanse travay sou yon plan rekonstriksyon ak devlopman peyi a. Diplomat la di gen nan imigran ayisyen sa yo ki gen timoun ki fèt Ozetazini e sa vin ajoute yon melanj nan stati moun sa yo.

Diplomat ayisyen an fini pou l di, imigran sa yo ki gen TPS trè pwodiktif, sètadi yo travay epi kontribye nan ekonomi amerikèn nan.

Reyaksyon Mèt Berns sou deklarasyon Anbasdè Altidor a

Avoka imigrasyon Philip Berns apiye deklarasyon Anbasadè Altidor a pou sa ki konsène kontribisyon moun ki gen TPS yo nan ekonomi amerikèn nan. Mesye Berns di: “Ayisyen sa yo ap travay epi yo sipòte fanmi yo genyen ann Ayiti. Sa se yon fòm èd imanitè vrèman efikas. Alontèm, yap ede rekonstui ekonomi lokal la ann Ayiti.”

Yon gwoup moun, ki gen ladann kèk palmantè ak plis pase 400 dirijan relijye ameriken lanse apèl pou mande Gouvènman Etazini an renouvle TPS la pou imigran ayisyen yo.

Kominote ayisyen-ameriken yo epapiye nan plizyè vil Ozetazini, tankou sid Eta Florid, New York, New Jersey ak nan Boston ki nan Eta Massachusetts.

XS
SM
MD
LG