Accessibility links

Breaking News

Ranfòsman Lwa sou Imigrasyon yo Ozetazini Ka Mennen nan Depòtasyon Plizyè Milyon Imigran

Sipòtè kap mande liberasyon Jeanette Vizguerra, yon meksikèn ki nan prizon otorite Imigrasyon ak Ranfòsman Ladwàn yo nan Centennial, Kolorado. Otorite imigrasyon te refize demann ki te fèt pou Vizguerra rete nan peyi a. (Foto: AP/David Zalubowski)

Depatman Sekirite Teritoryal Ameriken an prezante politik li ki ka mennen nan depòtasyon plizyè milyon imigran san papye.

Sekretè Sekirite Teritoryal Etazini an, John Kelly, pibliye yon plan, madi 21 fevriye 2017 la, kote li bay detay sou jan depatman li a pwal ekzekite 2 dekrè ekzekitif ke Prezidan Donald Trump te pran mwa pase a.

Direktè Depatman Sekirite Teritoryal (Depatman of Homeland Security) John F. Kelly. 22 fevriye 2017.
Direktè Depatman Sekirite Teritoryal (Depatman of Homeland Security) John F. Kelly. 22 fevriye 2017.

Administrasyon Prezidan Barack Obama a te santre sou depòtasyon moun ki te antre nan peyi a ilegalman e ki te komèt krim grav. Mesye Kelly rantre politik sa yo. Li fè konnen l ap santre sou depòtasyon moun ki anba kondanasyon pou nenpòt krim, ki te komèt move zak, te abize yon pwogram pou resevwa èd piblik, oubyen reprezante yon menas pou sekirite peyi a.

XS
SM
MD
LG