Accessibility links

Breaking News

Lapolis Britanik Idantifye Asayan Ki Te Fè Atak Sou Pon Westminster a nan Lond


Bouke flè moun depoze nan memwa viktim yo sou sèn kote yon atak teworis te touye omwen 3 moun sou pon Westminster a nan Lond, kapital peyi Grand Bretay, mèkredi 22 mas, 2017. (REUTERS/Hannah McKay)
Bouke flè moun depoze nan memwa viktim yo sou sèn kote yon atak teworis te touye omwen 3 moun sou pon Westminster a nan Lond, kapital peyi Grand Bretay, mèkredi 22 mas, 2017. (REUTERS/Hannah McKay)

Nan Grann Bretay, 3 moun pou pipiti pèdi lavi yo e plizyè douzèn lòt blese mèkredi 22 mas 2017 la, apre yon asayan te itilize yon machin pou l te pote boure sou yon foul pyeton toupre batiman Palman britanik la.

Dapre otoirte lapolis yo nan Grand Bretay, nonm ki fè zak la rele Masood. Li se yon sitwayen Britanik ki gen 52 lane sou tèt li. Laplolis konnen li trè byen akoz yo te arete l plizyè fwa pou altèkasyon ak lòt moun. Yon te arete li yon dènye fwa nan ane 2003 paske li tap mache ak yon kouto sou li. Sepandan, otorite lajistis Lond yo pat janm akize ak kondane Masood pou sak teworis.

Premye Minis Grann Bretay la, Theresa May, kondane azak latèrè a ke l konsidere kòm yon zak malad e deprave. Madam May di:

" Teworis yo chwazi pou yo frape nan mitan kapital la, kote moun tout nasyonalite, tout kilti, e tout relijyon rasanble pou selebre prensip libète , demokrasi ak libète lapawòl."

Premye minis la kontinue pou'l di: "Nenpòt ki efò moun ap fè pou pase prensip sa yo anba pye, se yon demach ki pral echwe."

Atak teworis mèkredi 22 mas la se atanta ki fè plis san koule depi lè 4 islamis britanik te touye plis pase 50 moun nan yon eksplozyon bonm nan lane 2005.

XS
SM
MD
LG