Accessibility links

Breaking News

Grand Bretay: Pemye Minis Theresa May Pran yon Echèk Sipriz nan Men Elektè yo


 Premye Minis Britanik la, Theresa May
Premye Minis Britanik la, Theresa May

Nouvèl ki soti nan La Grand Bretay fè konnen peyi a tonbe nan yon fè nwa politik apre prensipal pati opozisyon an (Pati Travayis la) reyalize yon relans ektwaòdinè nan eleksyon lejislativ ki dewoule jedi 8 jen 2017 la. Ak rezilta eleksyon sa a, travayis yo anpeche premye minis la, Theresa May, jwenn majorite li tap chache nan Cham Komin yo pou l negosye sòti peyi a nan Unyon Ewop la a pati de yon pozisyon de fòs pi dyanm.

Analis yo di, youn nan rezon dèt defèt pati o pouvwa (Pati Konsèvatè a) se le fèt ke jenn elektè britanik yo te soti al vote pa bann e pa pakèt. Kounyela a, Madam May ap chache pèmisyon Larèn Elizabeth 2 pou l fòme yon gouvènman kowalisyon. Prmye Minis britanik la deklare:

" Gouvènman mwen pral dirije a pral plase jistis ak opotinite nan mitan tout sa n pral fè. Konsa, ansanm, nou va reyalize pwomès ki nan plan retrè nou de Inyon Ewop la; e, pandan 5 ane kap vini la yo, nou va konstui yon peyi kote nou pap kite pesonn ni okenn kominote dèyè."

Kidonk, chef gouvenman bratik la pran angajman pou l mete an aplikasyon rezilta yon referandom kote majorite pèp la te montre volonte yo pou peyi a pa fè pati Inyon Ewop la ankò. Espesyalis yo di se eleksyon ki pi ekstwòdinè ki dewoule nan tout istwa modèn La Grand Bretay; paske Premye Minis May sibi yon gwo konnen echèk, puiske li te espere Pati Konsèvatè a ta pral konsève majorite li te genyen nan palman an; e sa fè moun doute li pral kapab dirije yon gouvènman minoritè avek apui Inyonis Irland du Nò yo.

Pati Travayis la, kèk lidè nan 3èm pati yo, e menm kèk konsèvatè deja ap lanse apèl pou yo mande premye minis la bay demisyon l.

XS
SM
MD
LG