Accessibility links

Breaking News

Otorite Lafrans yo Fè Konen yo Gen Idantifikasyon Asayan ki Responsab Atak sou Patwouy Polis Toupre Champs Elysees a

Prezidan Fransè a, Francois Hollande, nan mitan, pandan li tap vizite Direksyon Polis Pari a, ansanm ak Minis Enteryè a, Matthias Fekl agoch, ak Prefè Pari a Michel Delpuech, yon jou apre atak teworis la toupre Champs-Elysees. (Foto: Philippe Wojazer Pool / AP). Pari, Frans, 21 april 2017.

Otorite nan peyi Lafrans yo di yo jewnn yon nòt ekri ala men, gwoup eta islamik la ta swadizan siyen, tou pre zòn kote atak la te fèt la. Gwoup eta islamik la, ki revandike atanta a atravè ajans nouvèl li a, idantifye atakan an kòm sitwayen bèj, Abu Yussef ki, dapre gwoup la, se yon konbatan Eta Islamik la.

Polisye fransè ki sou plas nan Champs Elysees kote yon asayan te louvri kout zan sou yon patwouy polis epi touye yon polisye 20 avril 2017, Pari, Frans.
Polisye fransè ki sou plas nan Champs Elysees kote yon asayan te louvri kout zan sou yon patwouy polis epi touye yon polisye 20 avril 2017, Pari, Frans.

Sitwayen peyi Lafrans ki reyini sou plas Champs Elysees kote yon asayan te touye yon polisye fransè 20 avril 2017.
Sitwayen peyi Lafrans ki reyini sou plas Champs Elysees kote yon asayan te touye yon polisye fransè 20 avril 2017.

La polis nan Pari deja idantifye asasen ki mouri nan boukantay kout zam ak lapolis pandan atak jedi 20 avril 2017 la, men otoirte yo poko revele non li. Yo pa presize non plis si asayan an tap travay ak gwoup Eta Islamik la.

Reyaksyon Ozetazini Apre Atak Teworis Pari a:

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, te ekri yon mesaj sou kont Twitter l pou l di:

"Mwen parye ke atak sa a pral genyen konsekans sou eleksyon prezidansyèl ki pral dewoule dimanch pwochen an nan peyi Lafrans."

Vis-Prezidan Ameriken an, Mike Pence, bò kote pal deklare:

"Atak ki fèt nan sant Pari a se dènye rapèl ki montre teworis ka frape nenpòt kote e nenpòt ki lè, e Lezetazini pap sispann efò lap fè san pran souf pou mete fen nan teworis. Misye Pence fe deklarasyon sa a nan kòmansman yon tablewond ki tap dewoule avèk kèk om dafè nan Djakarta, peyi Endonezi.

XS
SM
MD
LG