Accessibility links

Breaking News

Etazini: Donald Trump Pa Gen Entansyon Trennen Hillary Clinton Devan Lajistis


Kandida pou prezidan Etazini, Hillary Clinton, ki t ap pale ak patizan li yo nan New York yon jou apre li te fin pedi eleksyon an devan kandida repibliken an Donald Trump. 9 novanm 2016
Kandida pou prezidan Etazini, Hillary Clinton, ki t ap pale ak patizan li yo nan New York yon jou apre li te fin pedi eleksyon an devan kandida repibliken an Donald Trump. 9 novanm 2016

Enfòmasyon ki soti nan yon sous pwòch prezidan eli Donald Trump fè konnen Prezidan eli pa gen entansyon trennen Hillary Clinton devan Lajistis jan li te konn di sa pandan kanpay li.

Biwo Federal Envestigation (FBI) t ap mennen yon ankèt sou Hillary Clinton akoz li te konn sèvi ak yon sistèm imèl prive, pandan li te Sekretè Deta Lèzetazini sou premye manda Prezidan Barack Obama a.

Misye Trump te sèmante si li vin prezidan Lèzetazini, l ap anplwaye yon anketè espesyal pou relouvri envestigasyon sou advèsè politik li, Hiilary Clinton, e ke Madam nan ka al nan prizon.

Pwezidan eli Ameriken an Donald Trump ak manadjè kanpay li Kellyanne Conway kap salye sipòtè li yo pandan rasanbleman lannwit eleksyon an nan Manhattan, New York, 9 novanm, 2016.
Pwezidan eli Ameriken an Donald Trump ak manadjè kanpay li Kellyanne Conway kap salye sipòtè li yo pandan rasanbleman lannwit eleksyon an nan Manhattan, New York, 9 novanm, 2016.

Yon lòt kote, Kellyanne Conway, youn nan konseye Msye Trump ki tap pale sou sou chèn televizyon kab MSNBC deklare, '"Milyadè prezidan an pa gen entansyon rapousuiv akizasyon ki te sou do Madam Clinton yo.

Sepandan nan entèvyou a, Madam Conway di, "Mwen panse Hillary Clinton dwe konnnen li toujou ap fè fas ak opinyon majorite ameriken ki panse li pa yon moun onèt e ke yo kapab fè konfyans.” Conway ajoute, “Men si Donald Trump ka ede l geri, kidonk regenyen konfyans pèp ameriken an, se ap yon bon bagay."

XS
SM
MD
LG