Accessibility links

Breaking News

Etazini: Pòtpawòl Mezon Blanch la Fè Konnen Kongrè a poko Genyen Tout Enfòmasyon sou Zafè Siveyans ki te Fèt sou Trump Tower a


Pòpawòl Lamezon Blanch la, Sean Spicer. Foto: 10 mas 2017. (AP/Andrew Harnik)
Pòpawòl Lamezon Blanch la, Sean Spicer. Foto: 10 mas 2017. (AP/Andrew Harnik)

Lamezon Blanch kontinye ap soutni Prezidan Ameriken an nan ensistans li pou akize ansyen Prezidan Barack Obama kòmkwa li te fè mete sou tabdekout telefòn nan Trump Tower, ki se te katye jeneral kandida Donald Trump nan New York.

Jedi 16 mas 2017 pase a, pòtpawòl laprezidans la, Sean Spicer te gen pou l fè fas ak jounalis yo ki te vle konnen poukisa Prezidan Trump ap ensiste sou akizasyon kont ansyen prezidan an malgre prensipal lejislatè nan komisyon ransèyman an nan Chanm Depite a ak nan Sena a di pa janm gen bagay konsa ki te rive . Mesye Spicer akize jounalis yo dèske yo te mal entèprete sa kap pase nan komisyon ransèyman an e li ajoute:

"Kongrè a poko genyen tout enfòmasyon sou zafè siveyans ki te fèt sou Trump Tower a nan New York."

Vrèmen vre, jedi 16 mas la , lejislatè yo fè konnen pa genyen okenn prèv pou soutni akizasyon Prezidan Donald Trump la. 2 pi gwo responsab Komisyon ransèyman an, Repibliken Richard Burr ak Demokrat Mark Warner, te deklare :

"Dapre enfòmasyon nou genyen aladispozisyon nou, nou pa wè okenn siy ki montre gouvènman an te pran okenn dispozisyon pou mete Trump Tower a anba siveyans , ni avan, ni apre jou eleksyon prezidansyèl 2016 la."

2 lejislatè yo pale konsa apre prezidan Chanm Depite a, Repibliken Paul Ryan, li menm tou, te rejte deklarasyon Prezidan Trump te fè 4 mas pase a kont ansyen Prezidan Obama.

Depite Ryan te di: " Nap pale klè poun di, nou pa genyen okenn prèv sou akizasyon sa a."

XS
SM
MD
LG