Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Ap Prepare Dènye Diskou li Anvan li Kite Mezon Blanch lan 20 Janvye 2017

Prezidan Etazini an, Barack Obama ak Premye Danm lan, Michelle Obama ak 2 pitit fi yo, Sacha e Malia Obama, pandan yo tap desan avyon Air Force One nan, lendi 2 janvye 2017. Fami prezidansyèl la retounen nan Lamezon Blanch jodi 2 janvye 2017 apre yo te fin pase vakans fèt fen dane yo nan Awayi. (Foto AP/Jose Luis Magana)

Prezidan Etazini Barack Obama fè konnen li pwal pwononse diskou adieu li semèn kap vini an, kote li pwal reflechi sou siksè li pandan tan li nan Mezon Blanch lan. Misye Obama di l ap panse sou ki kote peyi a pwale apre Prezidan-eli Donald Trump fin pran pouvwa a, 20 Janvye pwochen an.

Prezidan Obama ki gen 55 lane sou tèt li deklare nan yon imèl diskou 10 Janvye li a nan vil kote li moun nan, Chicago, se pral yon chans “pou l di tout moun mèsi pou gwo vwayaj sa a. Li pral yon okasyon tou pou selebre jan administrasyon li a te chanje peyi Etazini ak amelyore kondinsyon klas mwayèn nan pandan 8 lane ki sot pase yo...”

XS
SM
MD
LG