Accessibility links

Breaking News

Dènye Vwayaj Barack Obama Aletranje - Lap Vizite Lagrès, Lalmay ak Pewou


Prezidan Barack Obama (agoch) ak Premye Minis Grèk la, Alexis Tsipras avan yon rankont nan Maximos Mansion, biwo ofisyèl chèf gouvènman an nan Atèn. (Foto: 15 novanm 2016).
Prezidan Barack Obama (agoch) ak Premye Minis Grèk la, Alexis Tsipras avan yon rankont nan Maximos Mansion, biwo ofisyèl chèf gouvènman an nan Atèn. (Foto: 15 novanm 2016).

Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè yon eskal nan peyi Lagrès nan kad dènye vwayaj li nan peyi etranje kòm lidè Lèzetazini. Apre yon rankont ak Premye Minis grèk la, Alexis Tsipras, nan kapital la Atèn, Misye Obama eksprime dezi li te toujou genyen pou l vizite Lagrès

Prezidan Ameriken an, Barack Obama ak Premye Minis peyi Lagrès la, Alexis Tsipras. 2 lidè yo tap bay yon konferas deprès nan Maximos Mansion, Athens. 15 novanm 2016.
Prezidan Ameriken an, Barack Obama ak Premye Minis peyi Lagrès la, Alexis Tsipras. 2 lidè yo tap bay yon konferas deprès nan Maximos Mansion, Athens. 15 novanm 2016.

Prezidan Obama te pran lapawòl pou l di:

"Nou kwè se nou tout ki rekonèt gwo dèt nou genyen pou Lagrès ak pèp grèk la. Anpil nan lide nou genyen sou demokrasi, sou yon bon pòsyon nan literati, filozofi ak lasyans, se bagay ki gen rasin yo nan Lagrès.”

Prezidan ameriken an felisite dirijan Lagrès yo deske yo fè efò pou envesti nan domèn defans la, malgre peyi a ap travèse kèk moman difisil sou plan ekonomik la. Lidè ameriken an ajoute èzetazini te toujou konsidere Lagrès kòm yon bon zanmi e yon alye solid.

Prezidan Barack Obama nan peyi Lagrès
Prezidan Barack Obama nan peyi Lagrès

Prezidan Obama kontinye pou l di:

“Nou te toujou kapab konte sou Lagrès kom yon bon zanmi, yon alye, yon lyen enpòtan pou LOTAN e pou patenarya trans-atlantik la. Mwen konnen kominote greko-ameriken an vle wè nou eksprime afeksyon pwofon sa nou ki montre zanmitay sere ki egziste ant nou ak pèp grèk la."

Prezidan Obama bay Lewòp asirans ke angajman Etazini pran vizavi Oganizasyon Trete Atlantik Nò a ( l'OTAN) pa pral chanje sou administrasyon prezidan repibliken Donald Trump la.

XS
SM
MD
LG