Accessibility links

Breaking News

Etazini: Obama Rebay Angajman Lèzetazini an Favè Akò Miltilatetal yo nan Mond lan nan Dènye Diskou li nan Nasyonzini


Prezidan Lèzetazini an Barack Obama nan dènye diskou li sou tribin Nasyonzini, 20 septanm 2016.
Prezidan Lèzetazini an Barack Obama nan dènye diskou li sou tribin Nasyonzini, 20 septanm 2016.

Nan yon dènye diskou ki dire 45 minit sou tribin Nasyonzini an nan New York, Prezidan Ameriken, Barack Obama, bay garanti sou angajman li pran an favè koperasyon miltilateral yo nan mond lan.

Prezidan Barack Obama nan Nasyonzini 20 septanm 2016.
Prezidan Barack Obama nan Nasyonzini 20 septanm 2016.

"Nou kapab chwazi pou n avanse ann avan avèk pi bon moyen koperasyon ak entegrasyon oubyen fè bak osinon antre pi fon nan divizion ki kapab kreye plis konfli nan mond lan. Tankou divizyon ant tribi, ras ak relijyon. Men mwen vle di nou jodi a, Nou dwe vanse annavan."

Nan diskou Prezidan Obama a nan Nasyonzini, li eksplike progrè li akonpli pandan 8 ane gouvènman li-an Ozetazini. Prezidan an deklare gen progrè ki fèt nan redui mizè nan mond lan, nan jwenn solisyon sou zafè niklyè peyi Iran an, nouvo zanmitay peyi Lèzetazini avèk Kiba." Prezidan kontinye pou l di, " nou resi gen yon akò intènasyonal sou rechofman planèt tè a." Prezidan an di, "Se nan tèt ansanm nou rive reyalize travay sa yo." Fen sitasyon.

Yon lòt kote Predizan an kontinye pou l di, “Men nou remake gen yon liy kwochi nan mond lan ki lakoz kriz refije yo. Prezidan an ankouraje tout peyi nan mond la bay kout men pa yo pou rezoud kriz la.

Sou kriz peyi Siri a, Prezidan an deklare nou dwe kontinye travay pou yon solisyon diplomatik. Prezidan Obama repwoche peyi Larisi daprezavwa li antre bouch li nan zafè peyi Ikrènn e poutèt li pa janm fè okenn deklarasyon sou konpòtman Kore di Nò ki kontinye fè rebelyon ak kominote entènasyonal la e ki kontinye fè tès pou l devlope zam nikleyè.

Sou problèm group ekstremis yo, Prezidan Obama di se pa yon problèm ki pwal fini kounyea nan mond lan. Li ajoute ke mond lan twò piti pou nou sèlman monte yon miray epi panse sa pral pwoteje sosyete nou an.

Prezidan Lèzetazini, Barack Obama a dwat ak Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon a goch nan Nasyonzini, 20 septanm 2016
Prezidan Lèzetazini, Barack Obama a dwat ak Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon a goch nan Nasyonzini, 20 septanm 2016

Nouvèl yo rapòte Prezidan Obama te rive an reta nan asanble jeneral Nasyonzini an madi 20 septanm 2016 la. Dapre tradisyon an, Lèzetazini se toujou dezyèm peyi ki pran lapawòl nan deba Nasyonzini yo e reta Prezidan an te lakoz Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-Moon, pase lapawòl bay Prezidan peyi Tchad la Idriss Deby. Kidonk, Lèzetazini te pran lapawòl an twazyèm pozisyon sou tribin Nasyonzini an.

XS
SM
MD
LG