Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Di Konsekans Aksyon Larisi pou Enfliyanse Eleksyon Etazini yo plis pase sa l te Panse

Prezidan Barack Obama ki tap fè kèk remak nan moman li ta pral siyen dokiman ki rele Ak sou Remèd 21èm Syèk yo, 13 desanm , 2016, sou tribin oditoryòm building Eisenhower Biwo Egzekitif la nan Mezon Blanch la. Washington, Etazini. (Foto AP/Pablo Martinez Monsivais)

Komite Sèvis Ransèyman Etazini konfime enfòmasyon sou pakèt pale anpil ki te fè kwè Larisi te mennen aktivite espyonaj pou enfliyanse eleksyon novanm yo. Prezidan Obama ki tap pale ak ABC News sou dosye a di li pat “pran oserye ase” kanpay move enfòmasyon ajan espyonaj yo tap pibliye ni konsekans zak pirataj nan eleksyon an ta kapab genyen sou sistèm demokratik la.

Sepandan, Prezidan Obama ki rete sèlman 11 jou pou l pase nan Mezon Blanch lan, di li pa panse li pa te rive konprann tou sa Prezidan ris la Vladidmir Putin ka fè. Jan rapò sèvis ransèyman an di li a, pou site Prezidan Obama, “se Misye Putin ki te pase espyon li yo lòd pou mennen yon seri aktivite nan efò pou enfliyanse sistèm eleksyon Etazini an anfavè kandida Repibliken an Donald Trump, e nan dezavantaj kandida Demokrat la Hillary Clinton.

Yon pati nan rapò Sèvis Ransèyman an pibliye sou dosye espionaj Larisi nan eleksyon 8 novanm yo Ozetazini. Washington, 6 janvye 2017.
Yon pati nan rapò Sèvis Ransèyman an pibliye sou dosye espionaj Larisi nan eleksyon 8 novanm yo Ozetazini. Washington, 6 janvye 2017.

Prezidan Obama fè konnen li pibliye yon pati nan rapò Sèvis Ransèyman Etazini an sou dosye espyonaj Larisi a kote li di, “ Nou vle montre klè, nou komprann se yon bagay Putin gen lontan lap fè ann Ewòp. Li te konn espyone peyi ki te fè pati Inyon Sovyetik yo kote gen yon bann moun ki pale lang Ris la, men kounye a li rive nan peyi demokrat yo nan Lwès.

Prezidan Ris la, Vladimir Putin, nan Kremlen, Moskou peyi Larisi pandan yon reyinyon sou selebrasyon Jou Viktwa, 17 mas 2015.
Prezidan Ris la, Vladimir Putin, nan Kremlen, Moskou peyi Larisi pandan yon reyinyon sou selebrasyon Jou Viktwa, 17 mas 2015.

Komite Sèvis Ransèyman Etazini an detèmine ke Larisi te pirate dè milye imèl John Podesta ki te chèf kanpay madan Clinton nan, e lage yo nan men yon gwoup ki rele WikiLeaks ki di l ap konbat kachotri, nan mwa anvan elektion 8 novanm 2016 la. Anpil nan imèl sa yo te devwale yon pakèt bagay anbarasan pou moun kap travay nan pati demokrat la ki tap chache ede madan Clinton bat advèsè li a nan moman an ki sete Senatè Vermont an, Bernie Sanders. Imèl anbarasan sa yo te montre magouy ki te fèt pou Hillary Clinton genyen nominasyon pati Demokrat la kòm kandida alaprezidans Ozetazini.

Prezidan Barack Obama te rankontre Prezidan-eli Donald Trump nan Oval Office la nan Mezon Blanch. Washington, 10 novanm 2016. (Foto AP/ Pablo Martinez Monsivais)
Prezidan Barack Obama te rankontre Prezidan-eli Donald Trump nan Oval Office la nan Mezon Blanch. Washington, 10 novanm 2016. (Foto AP/ Pablo Martinez Monsivais)

Rapò sa a pa di si revelasyon sa yo ta chanje anyen nan rezilta eleksyon an, yon bagay ke Prezidan-eli Donald Trump te ensiste sou li nan yon seri kòmantè li fè sou rezo sosyal Twitter vandredi 6 janvye 2017, jou li te kòmanse resevwa rapò sou dosye sa a.

XS
SM
MD
LG