Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Prezidan Donald Trump lan Pwomèt yon Nouvo Dekrè Entèdiksyon Vwayaj Ki “Pi Senp.”

Direktè Depatman Sekirite Teritoryal ak Ladwàn Etazini an, John Kelly, pandan li tap pale ak Minis Enteryè peyi Almay la,Thomas de Maiziere, nan yon meeting nan okasyon 53èm Konferans sou Sekirite ki tap dewoule a Munich ann Almay. 18 fevriye, 2017. Foto: REUTERS/Michaela Rehle

Direktè Depatman Sekirite Teritoryal ak Ladwà\n Etazini an, John Kelly, deklare ke nan jou kap vini la yo, Prezidan Donald Trump pral prezante “yon tèks pi senp” pou lòd prezidansyèl ki entèdi vwayaj Ozetazini pou imigran ki soti nan sèten peyi ki an majorite Mizilman. Nouvo dekrè prezidansyèl la ap gen ladan lis menm 7 peyi mizilaman yo ki se: Irak, Iran, Libi, Somali, Soudan, Siri, ak Yemenn.

Mesye Kelly di:

“Fwa sa, lòd prezidansyèl la pwal rann travay la pi fasil pou otorite sekirite teritoryal yo ki te konn gen pwoblèm pou bloke kèk etranje ki tap vwayaje antre Ozetazini.

Nouvo tèks dekrè prezidansyèl sou entèdiksyon vwayaj la pap anpeche etranje kap viv nan peyi a ak viza travay, ni moun ki gen kat rezidans ale pati kite Etazini e retounen.

Li pap afekte vwayajè etranje ki deja nan avyon pou vin nan peyi a. Li pap bloke moun ki nan pò oubyen aewopò antre nan peyi a nan jou dekrè a antre an vigè a.”

William Butkus yon manm Amnesty International kenbe yon pankat nan men li devan 9èm Kou Dapèl la nan San Francisco, 7 fevriye, 2017.
William Butkus yon manm Amnesty International kenbe yon pankat nan men li devan 9èm Kou Dapèl la nan San Francisco, 7 fevriye, 2017.

Sepandan nouvo dekrè a pral ekzije otirte yo depòte plis imigran san dokiman legal.

Mesye Kelly di tou:

“Nouvo dekrè a pral chache akselere depòtasyon moun kap viv san dokiman legal yo Ozetazini. Ofisye Imigrasyon yo pral resevwa lòd pou yo bay azil sèlman pou moun ki kalifye pou yo rete kòm refije nan peyi a.

Dekrè a ap gen ladan tou eksplikasyon byen detaye pou polisye imigrasyon yo kapab konnnen kiyès yo sipoze arete.

Lòd sa a ap vize imigran ki gen dosye nan lajistis tankou moun ki anba akizasyon pou krim, menm kan moun sa yo poko jije. Menm kan yon moun tap viv Ozetazini depi plizyè ane yap depòte li si li pa gen papye legal nan men li.”

Jeneral retrete Gad Kot Ameriken John Kelly fè konnen premye dekrè sou entèdiksyon vwayaj la sete yon fason pou detekte twou vid ki genyen nan sistèm sekirite a e ke teyoris yo kapab pwofite.

Manifestasyon kont dekrè prezidansyèl sou entèdiksyon vwayaj imigran nan 7 peyi an majorite mizilman pou yo pa rantre Ozetazini. 29 janvye, 2017.
Manifestasyon kont dekrè prezidansyèl sou entèdiksyon vwayaj imigran nan 7 peyi an majorite mizilman pou yo pa rantre Ozetazini. 29 janvye, 2017.

Ansyen jeneral Gad Kot la te pale konsa samdi 18 fevriye 2017 la nan Munich nan peyi Almay nan yon konferans ki fèt chak ane sou sekirite. Mesy Kelly te pran la pawòl espesyalaman nan kad yon panèl ki tap fè deba sou kouman pou konbat aktivite teworis.

Isit Ozetazini, nouvèl yo fè konnen Prezidan Donald Trump kapab siyen nouvo dekrè sou entèdiksyon vwayaj tanporè a vè madi 21 fevriye 2017 byen bonè nan maten.

XS
SM
MD
LG