Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Minis Jistis la, Loretta Lynch, Lanse yon Apèl a Tout Ameriken pou yo Denonse Krim Rayisman


Pwokirè Jeneral Loretta Lynch ki tap temwaye nan Capitol Hill nan Washington, Madi, Jiyè 12, 2016, devan komite Jistis nan Kongrè Ameriken an.
Pwokirè Jeneral Loretta Lynch ki tap temwaye nan Capitol Hill nan Washington, Madi, Jiyè 12, 2016, devan komite Jistis nan Kongrè Ameriken an.

Minis Jistis Etazini Loretta Lynch mande sivil yo jodi a pou yo kontinye rapòte krim rayisman ak ensidan nwizans ak kraponnaj.

Li di " Nou dwe kontinye rapòte ensidan sa-yo bay lapolis lokal e nan Depatman Jistis, pou anketè pwofesyonèl ak avoka gouvènman ka aji pou defann dwa nou."

Minis Jistis la pale de chif sou krim rayisman soti depi lane 2015 nan rapò ki parèt semèn sa a, ki rapòte yon ogmantasyon 7 pousan krim rayisman nan ane 2015 lan , ak yon gwo ogmantasyon 67 pousan nan ensidan ki vize Mizilman.

XS
SM
MD
LG