Accessibility links

Breaking News

Plizyè Santèn Milye Moun Patisipe nan Manifestasyon Anfavè Dwa Fanm yo nan Washington DC ak Plizyè lòt Vil


Mach Medam yo nan Washington DC samdi 21 janvye 2017, yon jou apre enstalasyon Prezidan Donald Trump nan tèt peyi Lèzetazini. Photo/VOA
Mach Medam yo nan Washington DC samdi 21 janvye 2017, yon jou apre enstalasyon Prezidan Donald Trump nan tèt peyi Lèzetazini. Photo/VOA

Plizyè milye moun desann nan Washington DC samdi 21 janvye 2017 la pou apwiye mach medam yo fè kont politik administasyon Prezidan Donald Trump lan. Manifestasyon sa a ki te òganize sou tèm, “ Dwa Fanm fè pati Dwazimen” te dewoule nan plizyè lòt vil Ozetazini ak kèk lòt peyi nan mond la. Mach sa a -- ki te rasanble moun ki te soti tou patou -- dewoule yon jou apre Prezidan Donald Trump te prete sèman kòm nouvo chèf deta Lèzetazini.

Pankad medam yo pote nan manifestasyon an pou mande respekte dwa yo. Washington DC, samdi 21 janvye 2017.
Pankad medam yo pote nan manifestasyon an pou mande respekte dwa yo. Washington DC, samdi 21 janvye 2017.

Nan manifestasyon an, moun te kapab remake selebrite, ak aktivis politik ki vin apwiye mouvman medam yo.

Selebrite yo mande pou gen yon leve kanpe jeneral kont politik administrasyon Prezidan Trump la sou imigrasyon, anviwonman, ak dwa medam yo.

Chantè ak aktè byen koni tankou Madonna te jwen gwo kout aplodisman nan men foul la nan Washington lè li te parèt sou sèn nan san zatanm kote òganizatè mach la tap pale ak piblik la. Madonna te chante 2 chanson avèk fou l la; youn ladan yo rele “Nou Chwazi Renmen.”


Pami lòt selebrite ki te parèt sou sèn nan anba gwo aplodisman manifestan yo, te genyen konpozitè mizik ak chanson, Alicia Keyes, aktè Scarlett Johansson ak atis R & B Maxwell. Gloria Steinem, youn nan lidè mouvman dwa medam yo Ozetazini depi lontan, te pami 25 moun ki te pran la pawòl nan rali a.

Mach Medam yo nan Washington pou Mande Respè pou Dwa yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:36 0:00

Òganizatè mach medam yo te planifye pou yo reyini devan Kongrè a e apre sa pou yo te mache rive devan Lamezon Blanch ki apeprè yon distans 2 kilomèt. Lè yo te rann yo kont foul la te pi plis ke sa yo te prevwa a, òganizatè mach la te chanje pakou a.

Pifò nan wout kote yo te pwograme pou pase yo, menm Endepandas Aveni, te chaje ak moun sou tout twotwa kèk èdtan avan mach la te kòmanse.

Prezidan Etazini an Donald Trump nan rankont li ak Direktè Sèvis Ransèyman Ameriken an (CIA). Samdi 21 janvye 2017.
Prezidan Etazini an Donald Trump nan rankont li ak Direktè Sèvis Ransèyman Ameriken an (CIA). Samdi 21 janvye 2017.

Prezidan Donald Trump pat nan Lamezon Blanch nan moman manifestasyon medam yo. Li te ale nan yon rankont nan katye jeneral Sèvis Ransèyman Etazini an (CIA).

XS
SM
MD
LG