Accessibility links

Breaking News

Ozetazini: Kanpay Elektoral Prezidansyèl yo Pran yon lòt Nivo


A goch, kandida nomine pati Demokrat la, Hillary Clinton e a dwat Donald Trump, kandida nomine pati Repibliken an.
A goch, kandida nomine pati Demokrat la, Hillary Clinton e a dwat Donald Trump, kandida nomine pati Repibliken an.

Kandida Ameriken pou pòs prezidan yo Donald Trump ak Hillary Clinton ap fè lese frape pou konnen kilès nan yo ki gen pi bon pwogram ki ka amelyore lavi malere ki abite nan katye moun ki pi pòv yo.

Kandida Donald Trump konpare katye pòv yo isit Ozetazini ak katye nan peyi Afganistan kote li di kèk kote nan Afganistan gen plis sekirite pase kèk nan katye nan vil Etazini.

Madan Clinton bò kote pa l deklare e n ap site: Trump pa sanble l pase anpil tan ap panse sou pwoblèm moun ki nan mizè yo. Vrèman vre, plan ekonomik Trump lan ale nèt nan avantaj Ameriken ki pi rich yo ak yon rediksyon 4 milya dola taks pou pwòp fanmi li si l elimine taks sou gwo pwopriyete yo. Li deja di salè yo twò wo. Fen sitasyon.

Hillary Clinton / Donald Trump. Feb. 20, 2016.
Hillary Clinton / Donald Trump. Feb. 20, 2016.

Prochen etap nan kanpay prezidansyèl la Ozetazini pral pase nan yon lòt faz lendi k ap vini an nan Hempstead, New York, kote premye deba a pral dewoule ant Hillary Clinton ak Donald Trump fasafas.

XS
SM
MD
LG