Accessibility links

Breaking News

Etazini: Plizyè Manm Kongrè a Kontinye Ap Mande yon Ankèt sou Enfliyans Larisi nan Eleksyon Amerikèn yo

Manm Kogrè a kap mande pou ouvri yon ankèt sou enfliyans peyi Larisi nan eleksyon prezidansyèl amerikèn yo.
Manm Kogrè a kap mande pou ouvri yon ankèt sou enfliyans peyi Larisi nan eleksyon prezidansyèl amerikèn yo.

Manm tou le 2 chanm yo nan Kongrè Etazini an ap lanse plis apèl pou mande yon ankèt sou akizayon kòmkwa Larisi ta chache mete men l nan eleksyon prezidansyèl Etazini an.

Foto Senatè Ameriken Dianne Feinstein, Demokrat, Kalifòni.
Foto Senatè Ameriken Dianne Feinstein, Demokrat, Kalifòni.

Dapre kèk analis, sitiyasyon sila la ka deklannche sou yon konfwontasyon ak Prezidan eli Donald Trump, ki te toujou di ke Larisi pat enplike nan eleksyon an.

Lendi, 25 Jiyè, 2016, nan Philadelphia, pandan premye jou konvansyon Demokratik la, yon gwoup manifestan patizan kandida Bernie Sanders kanpe ak pankad nan men yo apre Wikilea te pibliye 19 mil imèl li te pran sou kont kandida Hillary Clinton.

Nan deklarasyon piblik ki fèt nan mwa oktòb pase a, bagay ki pa t janm fèt anvan, otorite nan gouvènman ameriken an fè konnen atak pirat sou entènèt kont òganizasyon politik demokratik, ak imèl ki soti nan òdinatè anplwaye ki t ap travay pou ansyen kandida Demokrat, Hillary Clinton, te fèt sou direksyon “pi gwo zotobre yo nan Larisi”.

XS
SM
MD
LG