Anbasadè Kenneth Merten Deklare Lèzetazini Pare pou l Travay Avèk Nouvo Prezidan-Eli Ayiti a Jovenel Moise
Nan yon entèvyou ak Jacquelin Belizaire, Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, felisite gouvènman pwovizwa ayisyen an ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou reyalizasyon eleksyon yo. Anbasadè Merten di tou, peyi Etazini pral kontinye ede Ayiti nan plizyè domèn.