Accessibility links

Breaking News

Senatè Lindsey Graham: "Kongrè Ameriken an Pral Louvri yon Ankèt pou Konnen si Larisi te Pirate Eleksyon 8 Novanm yo"


Senatè Repibliken nan Kongrè Etazini an, Lindsey Graham. (Foto: Wachintonn, DC, 15 novanm 2016.)
Senatè Repibliken nan Kongrè Etazini an, Lindsey Graham. (Foto: Wachintonn, DC, 15 novanm 2016.)

Senatè Repibliken wo-plase nan Kongrè Ameriken an, Lindsey Graham, deklare Larisi te jwe yon wòl nan eleksyon prezidansyèl ki sot dewoule Ozetazini e li ka atann sanksyon kap frape l di. Men yon ansyen otorite ameriken minimize pale anpil sou afè kòmkwa Larisi ta fè piratri sou entènèt pou enfliyanse eleksyon prezidansyèl 8 novanm 2016 la.

Senatè Graham fè konnen Kongrè Etazini an pwal mennen ankèt sou enplikasyon Larisi nan eleksyon novanm pase a ki te mete Donald Trump sou pouvwa a.

Moskou demanti akizasyon kòmkwa Prezidan Putin ta mele pèsonèlman nan zak piratri sou eleksyon an, ki ta lakoz advèsè Misye Trump, Demokrat e ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton, pèdi eleksyon an.

XS
SM
MD
LG