Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Kèk Elektè Di Lavwadlamerik Rezon Ki Fè yo Chwazi Donald Trump oubyen Hillary Clinton


Agoch-yon sipòtè Hillary Clinton kap suiv rezilta eleksyon yo nan New York. Adwat- yon sipòtè kandida Repibliken an Donald Trump nan Manhattan, New York. 8 Nov. 2016
Agoch-yon sipòtè Hillary Clinton kap suiv rezilta eleksyon yo nan New York. Adwat- yon sipòtè kandida Repibliken an Donald Trump nan Manhattan, New York. 8 Nov. 2016

Vwa 1: Plizyè elektè nan kèk bilten vòt atravè peyi a pale ak Lavwadlamerik sou sijè ki pi enpòtan pou yo, e yo te di antre yo pou kilès yo vote e poukisa.

Nan Dearborn nan eta Michigan, Zahraa Alakashi ki orijinè Arabi Saoudit, fè konnen li gen anpil kè sote konsènan candida Repibliken an Donald Trump ki, nan koumansman kanpay li, te mande pou ta gen yon entèdiksyon kont Mizilman ki vle antre nan peyi a. Alakashi ap vote pou Demokrat Hillary Clinton.

Vwa 2: “Se sèlman 2èm fwa mwen vote, premye fwa a mwen te vote pou Obama, premye Nwa ki moute prezidan, e 2èm vòt mwen an, mwen espere ke li ka eli premye prezidan fanm nan, e mwen panse sa enteresan anpil.”

Se Alakashi ki pale konsa e ki kontinye pou l di “Mwen panse anpil moun gen kè sote konsènan pawòl l ap di, an palan de Trump, e de jan de atansyon ke l ap atire sou nou, e se yon afè Mizilman Ameriken, se yon afè minorite, se yon afè fanm.”

Vwa 1: Nan vil McLean, nan eta Virgini, toupre Washington, Ellis Richard Salvia, bay rezon ki fè l sipòte Trump.

“Se pou sove Etazini anba men moun k-ap desann Etazini. Obama ak Clinton ap desann Etazini. Ak fwontyè ouvè e ak tout lòd ekzekitif yo, » li di « Nou vle pou Etazini se pi gran peyi nan mond la. Lè Etazini anfòm, mond la anfòm. »

Vwa 2 : Jons Saksovsky pale tou anfavè kandida Repibliken an.

Elektè Kathy Morgan ensiste sou enpòtans pou moun al vote. Pou fè pati demokrasi a, pou m fè tande vwa m. Pou m fè pati peyi m, » se konsa Kathy Morgan te pale.

Vwa 1 : Pou Aurora Davis ki abite nan vil Filadelfi, kesyon ki enterese fanm se sak te plis fè l vote.

« Afè fanm sitou, yon moun ki pwal sipòte enterè m, ki pwal yon vwa pou mwen. Hillary Clinton. M pa panse Donald Trump ap sipòte afè fanm, » sa se pawol Aurora Davis.

Nan Nouyòk, yon elektè ki idantifye tèt li kòm Jamie fè konnen li te kontan wè afè eleksyon an t ap rive nan bout li. Li di : « Sa te terib, Mwen pa ka tann pou l fini, » Madanm sa a te pale konsa pandan li eksprime espwa ke se yon fanm ki genyen eleksyon an, an palan de Madan Clinton.

XS
SM
MD
LG