Accessibility links

Breaking News

Etazini: Otorite Bank Santral yo Vle Ogmante To Denterè yo pou Pwoteje Kwasans Ekonomik la


Direktris Rezèv Federal Ameriken an, Janet Yellen, pandan li ta pral prezante devan yon komite Sena a nan Capitol Hill, Washington, 14 fevriye, 2017.
Direktris Rezèv Federal Ameriken an, Janet Yellen, pandan li ta pral prezante devan yon komite Sena a nan Capitol Hill, Washington, 14 fevriye, 2017.

Direktris Rezèv Federal Etazini an, Janet Yellen, fè konnen moman an rive pou ogmante to denterè yo paske ekonomi an ap mache ase byen.

Chèf bank santral la di ekonomi an amelyore ase pou l konsidere monte to enterè yo pandan kèk mwa kap vini yo.

Madam Yellen mansyone devan yon komisyon nan Kongrè a nan dat 14 fevriye 2017 la, li atann ke ekonomi an kontinye laji tou dousman.

Madam Yellen di si l tann twòp pou l ogmante to enterè yo, enflasyon an ka ogmante pou fè lavi a pi chè e sa ka fòse otorite federal yo monte to a byen vit nan lavni, sa ki ka domaje kwasans ekonomik la.

XS
SM
MD
LG