Accessibility links

Breaking News

Ekonomi Etazini an Kontinye AP Fè Pwogrè Selon Dènye Rapò Otorite yo


Prezidan Rezèv Federal Janet Yellen tap temwaye nan Capitol Hill nan Washington, Jedi, 17 novanm 2016.
Prezidan Rezèv Federal Janet Yellen tap temwaye nan Capitol Hill nan Washington, Jedi, 17 novanm 2016.

Chèf Bank Santral Etazini an fè konnen ekonomi peyi a ki gen yon ale-mye ka sibi yon ogmantasyon nan to enterè li anvan lontan.

Prezidan Rezèv Federal la, Janet Yellen, ki tap pale devan yon komisyon enpòtan nan Kongrè a jedi 17 novanm 2016 la fè konnen li plis kwè ke ogmantasyon an ap fèt “moso pa moso”.

Plizyè ekonomis fè konnen yon ogmantasyon nan to enterè yo ka vini nan pwochen reyinyon dirijan Federal yo nan mitan mwa Desanm k ap vini an.

Yon lane ka pase anvan bank santral la apwouve yon ogmantasyon yon kar nan 1 pousan nan to pou bank yo prete lajan, e se ta sèl ogmantasyon ki fèt nan to enterè peyi a depi gwo resesyon 2008 ak 2009 la.

XS
SM
MD
LG