Accessibility links

Breaking News

Donald Trump Pwomèt pou l Pase Biznis li Anba Kontwòl Pitit Gason l


Donald Trump kap pale ak pitit gason l Donald Trump Jr. ak Eric Trump apre dezyèm deba prezidansyèl, Inivèsite Washington, Saint Louis, 9 oktòb, 2016.
Donald Trump kap pale ak pitit gason l Donald Trump Jr. ak Eric Trump apre dezyèm deba prezidansyèl, Inivèsite Washington, Saint Louis, 9 oktòb, 2016.

Prezidan eli Donald Trump fè konnen li pwal pale ak laprès “anvan lontan” sou nominasyon ke li fè pou kabinè li e sou biznis l ap kite nan men pitit gason li yo.

Anons sa a vini nan lan nuit 12 pou rive 13 desanm 2016 la sou kont Twitter Misye Trump kèk jou anvan yon konferans kontrandi ke l te ranvwaye, sou jan li pwal separe tèt li ak tout enterè mondyal biznis li pou l ka konsantre l sou prezidans lan e evite konfli enterè. Yon manm ekip prezidan eli a fè konnen detay sa yo ap deyò nan mwa janvye kap vini an.

Msye Trump ekri pou l di, "Anvan 20 Janvye 2017 jou prestasyon sèman an m ap kite biznis yo pou pitit gason Don ak Eric jere. Prezidan eli di li pap fè okenn nouvo antant pandan li nan pouvwa a.

XS
SM
MD
LG